Plato Santral : Popilasyon komin Sodo a poze lapat sou yon kamyon gaz.

2,111

Popilasyon an nan komin Sodo deside bloke yon kamyon gaz ki ta pral fasilite mache nwa.

Sodo, Ayiti_____(TRiboLAND) Depi yon bon bout tan, gazolin nan peyi Dayiti tounen yon pwodui deliks akòz pwopriyetè yo ki pa deside vann gaz nan ponp. Sanble yo ta vle retounen nan pratik tradisyonèl yo!, Yon fenomèn ki non sèlman, kreye anpil panik nan mitan popilasyon an men tou, anflame pwodui premyè nesesite yo jouk nan zo,epi plonje popilasyon an nan yon total dezolasyon.

Nan lide pou koupe fache ak yon fenomèn parèy, popilasyon an, nan komin Sodo bloke yon kamyon gaz imatrikile TM-11296 transpò, ki tap kite direksyon ponp abityèl li, jounen vandredi 24 jwen 2022 an vè 6è 35 pm.

Enfòmasyon korespondan TRiboLAND yo rive rekeyi fè eta de yon pwopriyetè ponp gaz nan komin Sodo a, Nenel Romulus ki pa deside vann gaz nan ponp l’an, li prefere al estoke gaz la anwo Sodo nan yon lòt biznis kote lap ka vann galon an 90 dola,epi revandè yo 140 dola.

Fache kont yon desizyon malonèt, popilasyon an deside gonfle ponyèt li epi bloke kamyon sila. Li lè li tan pou leta sispann tolere ponpis ap fè anachi anndan peyi a e okazyone sosyete a retounen nan tan lontan. Ke mèt ponp yo detwi tout ponp ki la kòm biblo, pwiske koulya yo pa itil anyen ankò.



Comments are closed.