Inogirasyon yon nouvèl sal dijans nan lopital jeneral Notre Dame Tigwav.

273
0
Share:
TRiboLAND


08 – 08 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Direktè lopital jeneral Notre Dame Tigwav la, doktè Frèd Jasmin inogire yon nouvèl sal dijans an prezans doktè yo, enfimyè yo, Tipèsonèl yo ak manm nan popilasyon an, jounen jedi 08 dawout 2024 la.

Nouvèl sal dijans sila a, selon doktè Frèd, pral itilize pou pasyan ki blese yo. Sal flanban nèf la, akonpaye elektrisite 24/24, yon laboratwa, plizyè kabann, 2 twalèt konfòmodèn, divès medsen ak enfimyè ki disponib. Li mande pèsonèl medikal yo pou pwoteje ansanm materyèl yo.

Nap fè remake, direktè jeneral lopital Notre Dame Tigwav la, doktè Fred Jasmin remèsye patenè lokal ak nasyonal yo pou sipò yo, pandan’l egzòte popilasyon an pou respekte pèsonèl medikal yo.

Share:

Leave a reply