190 etidyan sou 640 enskri resevwa pachemen yo nan yon seremoni gradyasyon sou divès disiplin.

462
3
Share:
TRiboLAND


Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Responsab yo nan Atelier l’École Professionnelle de Petit Goâve (AEPG) òganize yon seremoni gradyasyon pou 190 etidyan nan divès disiplin.

Sòlòkòtò sila ki batize sou tèm “PÈSEVERANS”, te òganize nan Louco club nan Tigwav e te dewoule an prezans divès pèsonalite, fanmiy e zanmi resipyandè jodi madi 06 dawout 2024 la.

Enfòmatik Biwotik, kontabilite enfòmatize, technique Windows, elektrisite batiman, konstwiksyon batiman, karelaj ak koup kouti se kèk pami disiplin ki te alonè.

Direktè AEPG a, Charlemagne Jean Claude ak direktè etid atelier a, Claudel Batien yo ki t’ap pran pawòl nan okazyon an, te remèsye etidyan yo, fòmatè yo ki te envesti tan yo pou konkretize yon parèy rèv sa.


Responsab yo nan atelye a, deklare ke se ensekirite kap ronje peyi a, notamman rejyon gwavyèn nan ki lakòz anpil paran pa kapab akonpaye etidyan yo pandan yo presize yo prepare yo pou mache travay la.

Toutfwa 2 responsab yo Charlemagne Jean Claude ak Claude Batien pwomèt popilasyon an yap kontinye travay pou pèmèt timoun yo pa al pran imilyasyon nan kapital ayisyèn nan.

Share:

3 comments

  1. Ducasse Christopher 7 August, 2024 at 07:32 Reply

    Waw yon travay Konsa merite anpil ankourajeman pask avèk TRIBOLAND nou konen tout sa kap pase nan mond lan

    TRIBOLAND latortue

  2. JEAN-CHARLES Woldane 10 August, 2024 at 23:19 Reply

    𝑩𝒐𝒏 𝒕𝒓𝒂𝒗𝒂𝒊𝒚 𝒕𝒐𝒖𝒕 𝒂𝒑𝒓𝒆𝒏𝒂𝒏 𝒔𝒂 𝒚𝒐 𝒌𝒆𝒏𝒃𝒆 𝒍𝒂.
    𝑴𝒘𝒆𝒏 𝒔𝒆 𝑾𝒐𝒍𝒅𝒂𝒏𝒆 𝑾𝒐 𝑴𝒐𝒖𝒔𝒕𝒊𝒌

Leave a reply