ULCC anonse yon ankèt sou 3 konseye prezidansyèl tranzisyon ki genyen gro akizasyon kòripsyon sou tèt yo

07 – 26 – 2024
Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Louis Gérald Jules, Emmanuel Vertilaire ak Smith Augustin se 3 konseye prezidansyèl sila yo ki ta enplike nan fè sak pa sa anndan KPT a, ki jounen jodi a ki ta sanble yon wont nasyonal anba je popilasyon an.
Kidonk, annafè akize yo, ki pa genyen oken konsyans fas ak dram ou mizèrere peyi Dayiti, pral genyen pou tonbe anba rada ULCC pou vis ak kòripsyon ou defisyans moral ki genyen pou wè ak egzije aktyèl prezidan konsèy BNC a, Raoul Pierre-Louis 100 milyon goud yon fason pou li rete nan pòs li.
Prezime malveyan kriminèl yo, ki deja mete ansanm konsèy prezidansyèl tranzisyon an nan yon move pozisyon, ta dwe mete sou kote fas ak sispisyon kòripsyon men long, ki pa manke sal imaj larepiblik.
Pou anpil sitwayen avize, li lè pou genyen bonjan egzanp ki trase sou malveyan kap kontribye efondreman peyi Dayiti. Louis Gérald Jules, ki reprezante Accord du 21 décembre; Emmanuel Vertilaire, ki reprezante pati politik Pitit Desalin; Smith Augustin, ki reprezante regroupement RED/EDE, ta dwe “pouswiv jous dèyè bawo” ak “sezi byen”, si tout fwa yo ta jwen swadizan sansal sa yo koupab.
Paralèlman, Emmanuel Vertilaire, youn nan prezime manm akize yo ta mete nenpòt ki moun an defi e pare pou demisyone s tout fwa yo genyen evidans tanjib e palpab ki ta lye li avèk 100 milyon goud kòripsyon ak prezidan konsèy BNC a.






Your article helped me a lot, is there any more related content? Thanks!