Plizyè òganizasyon fanm konteste demach eleksyon ki fèt pou chwazi yon reprezantan sektè fanm nan konsèy elektoral la

421
0
Share:
TRiboLAND


07 – 24 – 2024

Pòtoprens, Ayiti ____(TRiboLAND) Divès òganizasyon fanm tankou : OFATMA, LINOFI, Platfòm Fanm Angaje di yo konteste demach konsèy Prezidansyèl la fè atravè yon eleksyon chanpwèl pou chwazi yon fanm pou reprezante fanm yo nan konsèy elektoral la.

Daprè Savannah Savary ki se responsab “Liaison National des Organisations des Femmes pour l’Intégration” (LINOFI), yo te antann yo pou voye yon fanm ki konpetan pou ale reprezante yo nan KEP la. Se sak fè nan 2 kandida yo te genyen, yo antann yo pou voye yon sèl.

LINOFI ki pa klè nan pwosesis la, mande manm konsèy Prezidansyèl la resezi li pou maskarad yo fè pou fè yon chwa depaman ak pa yo a. Yo mande KPT la pou chwazi enstitisyon ki nèt pou mennen pwosesis la, konsa tout òganizasyon ap kapab fè chwa yo vle a.

Kanta pou Rosenie Gustave pou Fanm Vanyan Marigo (OFATMA) trouve demach KPT vrèman dwòl, dyalòg entè fanm lan pa ka fèt jan yap fè la. Nan planifikasyon an, yo te deklare ke se tout òganizasyon yo, alòske nan moman verite a, se ak yon sèl òganizasyon fanm KPT a ap vanse pou fè yon seleksyon.

Share:

Leave a reply