Anviwon 44 etidyan resevwa diplòm yo nan divès disiplin nan (NCTFP) nan komin Tigwav.

397
0
Share:
TRiboLAND

07 – 22 – 2024

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Enstitisyon Centre technique de Formation Professionnelle (NCTFP) reyalize yon seremoni gradyasyon pou anviwon 44 etidyan nan divès disiplin; yon 28èm pwomosyon ki batize “l’or”, nan otèl Fòwayal nan vil Tigwav jounen lendi 22 jiyè 2024 la.

Seremoni yo te dewoule an prezans pwopriyetè direktris NCTFP la, madam Noël Marthe Josselin, katèl enterimè meri Tigwav la, Komisè gouvènmen pakè jiridiksyon an, fanmi ak zanmi etidyan yo.

Kwizin, Patisri, Kosmetoloji, Kouti, Dekorasyon, Tisi ak balon, Dekorasyon Gato, se kèk disiplin ki te alone. Anviwon 44 etidyan resevwa diplòm yo, yon fason pou al afronte mache travay la nan peyi Dayiti.

Pwopriyetè, direktris NCTFP la, madam Noël Marthe Josselin ki te pran lapawòl nan okazyon an. Nan diskou sikonstans lan, li remèsye tout etidyan yo ak kò pwofesoral la, li di ki te pote kole malgre difikilte, fatig ak van tansyon ensekirite kap soufle atravè peyia.

Yon lòt kote, madam Noël Marthe Josselin fè etidyan yo konnen, edikasyon se sèlman yon konesans nan karyè yo; li se yon matyè aprofondi nan tout sosyete nan mond lan.

Share:

Leave a reply