Deblozaj jwèt bosal ant Dr. Garry Conille avèk Dr. Claude Joseph

607
0
Share:
TRiboLAND

07 – 18 – 2024

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Pandan peyia ap fè fas ak kriz sal ke li pa janm konnen nan listwa li, politisyen ki nan tèt peyia ap fè jwèt bosal ak deblozaj. Bagay parèt pi sal ke jan yon moun te kapab imajine!

Selon yon sous ke TRiboLAND ta fè konfyans bò kote Konsèy prezidensyèl tranzisyon an, gro deblozaj pete ant PM Dr. Garry Conille ak ansyen PM Dr. Claude Joseph, aswè jedi 18 jiyè 2024 la nan yon chita tande.

Lonje bouch yo ki te genyen anpil mo deplase ak joure manman ant 2 PM yo, te riske mete fas afas kòdron sekirite 2 antite yo. Kidonk, avni peyia anviwonnen ak plis nyàj ensètitid. Peyia kontinye tonbe yon lòt fwa ankò anba men azipopo ki pa sispann batay pou gato.

Nan jou k’ap vini yo, li pap yon sipriz pou pèsòn moun ta obsève yon kout van mouvman opozisyon ki pral genyen nan tèt li lidè EDE a, Dr. Claude Joseph, ansyen PM PHTK a.

Share:

Leave a reply