Ouragan Beryl poze gwo dega nan Repiblik Dominikenn, sitou nan zòn Bokatchika.

07 – 03 – 2024
Repiblik Dominkenn __(TRiboLAND) Plizyè kote sou tèritwa dominken an frape anba gwo lapli ak gwo rafal van san konte lòt dega enòm. Menmsi yo poko anrejistre ka mòtalite, men gen plizyè vil ki sakaje.
Nan lanwit 02 pou leve 03 jiyè 2024 la, ouragan Beryl sakaje waf touris ak plaj Bokatchika nan repiblik panyòl la.
Yon sitiyasyon ki parèt difisil pou ayisyen kap viv nan zòn nan ki pèdi tout afè yo nan moman inondasyon an.






