Sitwayen Vilaire Sagesse mande nouvo gouvènman CPT Conille la, pou rezoud problèm ensekirite a prese-prese.

352
1
Share:
TRiboLAND


06 – 14 – 2024

Gresye, Ayiti ____(TRiboLAND) Yon sitwayen ki tap viv nan komin Gresye ki rele Vilaire Sagesse, mande gouvènman CPT Conille la, pou rezoud pwoblèm ensekirite a nan peyi a, patikilyèman nan komin Gresye prese-prese, yon fason pou yo retounen lakay yo.

Sitiyasyon sa a, lakoz plis pase 50% nan popilasyon an, ki yo menm pa kapab sikile atravè peyi a, se deklarasyon Sagesse fè nan mikwo lapwès, nan moman li te depasaj nan vil Tigwav, aprèmidi jedi 13 jen 2023 a.

Pou Vilaire Sagesse, pa genyen yon grenn moun ki rete nan komin Gresye; tout moun kouri kite kay yo, mete sou sa bandi, sangwen, kriminèl yo mete dife nan kay ak biznis malere malèrèz, malèrèz yo, moun sa yo ki al pran refij yo nan Leyogan, lage 2 bra balanse, se bon pwochen kap fè yo lacharit.

Toutfwa, sitwayen Vilaire Sagesse ankouraje gouvènman CPT Conille la, pou opere yon gwo chanjman nan administrasyon piblik la, patikilyèman nan wo komandman polis la, li estime ki pa bay rezilta pandan anviwon 2 zan lap mennen tèt lapolis la.

Share:

1 comment

Leave a reply