Sibtiti komisè gouvènman bò kote Tribinal Premyè Enstans Pòdpè a mete manda rale trennen vini dèyè PDG Radyo New Star FM nan.

287
0
Share:
TRiboLAND

06 – 06 – 2024

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Sibtiti komisè gouvènman bò kote Tribinal Premyè Enstans Pòdpè a, Mèt Alangue Valbrun, lage manda rale trennen vini dèyè Ernest François, PDG Radyo New Star FM nan, nan vil Pòdpè.

Enfòmasyon ki rive jwenn nou ta fè kwè, sibtiti komisè gouvènman an, Mèt Alangue Valbrun mete manda dèyè direktè a pou tèt li ta komèt eskrokri ou mètdam nan dosye paspò a.

Nan sans sa a, pakè a òdone ak lapolis kèlkeswa kote yo jwenn Ernest François pou yo mare li e trennen li nan Pakè a.

Share:

Leave a reply