BSAP nan Tigwav plante plizyè santèn pyebwa fritye pou make jounen mondyal anviwonman an.

06 – 06 – 2024
Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Direktè Brigad Siveyans È Pwoteje (BSAP), Edny Vergin nan tèt yon delegasyon akonpaye ajan yo, rann yo nan 4ème seksyon Fontarabi kominal Tigwav, nan lide pou make jounen mondyal anviwonman an, yè mèkredi 5 jen 2024 la.
Nan okazyon an, direktè BSAP la, Mèt Edny Vergin, deklare ajan yo, rive plante plizyè santèn pyebwa fritye tankou, mango, zaboka, grenadya, kowosòl, kachiman ak sitwon, sou 100 kawo tè.
Alatèt BSAP la, nan Tigwav, Edny Vergin mande ak tout sitwayèn, sitwayen kap viv nan nivo lokal, nasyonal ak entènasyonal la pou pote kontribisyon yo, yon fason pou rive sove anviwonman an.
Yon lòt kote, Edny Vergin fè popilasyon tigwavyèn nan konnen, BSAP ap akonpaye tout moun ki an danje nan zon siklonik la nan komin Tigwav.






