Endividi pèsòn pa rive idantifye mete dife nan Mache kominal Gonayiv la nan lanwit 03 pou leve madi 04 jen 2024 la.

352
0
Share:
TRiboLAND


06 – 04 – 2024

Gonayiv, Ayiti__(TRiboLAND) Fenomèn mete dife nan mache yo kontinye ap pran pye nan site Lendepandans lan. Sòti nann lanwit 03 pou leve byen bonè maten madi 04 jen 2024 la, endividi pèsòn pa rive idantifye mete dife nan Mache kominal Gonayiv la.

Enfòmasyon ki rive jwenn sal redaksyon nouvèl TRiboLAND ta fè kwè, dega yo bay men nan machwè, tèlman gen vye bataklanm ki pase anba flanm dife.

Li enpòtan pou konnen, enfòmasyon yo fè kwè, nan moman mache kominal la t’ap pran dife a pat menm gen yon kamyon dlo sou plas pou te vin etèn dife a, vwa pou te jwenn yon ponpye.

Share:

Leave a reply