Sosyete Espòtiv Komin Marigo lanse 2è Edisyon “Coupe Saint Dominique”

287
0
Share:
TRiboLAND


05 – 30 – 2024

Marigo, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan prezans Laprès ak ekip patisipan yo, Sosyete Espòtiv Marigo a lanse ofisyèlman 2è Edisyon “Coupe Saint Dominique” jounen jedi 30 me 2024 la, nan yon rankont ki boukle ak yon konferans pou Laprès nan sal konferans Polivalant komin lan.

Prezidan komite a, Penn Joseph Paul Émile fè istorisite konpetisyon sila, ak yon rale sou Edisyon sila kap kòmanse 23 jen pou al bout 3 dawout 2024 avèk patisipasyon 13 Ekip, tankou : ASSE, Benfica, Air Force, Flamengo, Marigo, ASCAJ, AS Quart-Lieu, Veteran, Tyòt, Peredo, Ansapit, Belans ak Benè.

Vis Prezidan komite a, Marie Julie Deronneth fè yon deskripsyon jeneral sou komin Marigo a pandan li vann tout sa komin sila genyen kòm potansyalite ak pwofite envite tout lòt komin nan depatman ak rès komin lan vizite komin lan pou yo gade ak 2 nawè yo.

Responsab finans lan, Yvrose Jeudy pale sou bidjè konpetisyon an ki evalye a 2 milyon Goud. Ekip chanpyon an ap jwenn 350 000 Goud + twofe, Vis chanpyon 225 000 Goud + twofe, meyè bitè 50 000 Goud + twofe. Rankont lan tapral boukle ak tiraj konpetisyon an, kote 13 Ekip yo pral repati an 4 group.

Share:

Leave a reply