Lapolis Sidès arive fouke yon manm gang “Viv Ansanm” ki tap trese lèl nan komin Marigo

464
0
Share:
TRiboLAND

Marigo, Ayiti_____(TRiboLAND) “Ay fout, yo pran towo a”, se sa plizyè moun anndan popilasyon komin Marigo a, tap eskandale lè lapolis Sidès peyi a arive prosede ak arestasyon Widner Merilus, yè lendi 2 jen 2025 lan, nan lokalite K-Jak, Segen.

Enfòmasyon yo fè konnen ke yo arive fouke Widner avèk vijilans ak sipò veyatif popilasyon bay lapolis. Akize a, ki genyen 22 rekòt kafe, tap travay pou chèf gang Didi kap opere nan Kenskòf. Selon sa Widner deklare bay SDPJ Sid, li rekonèt ke li te nan danse kole ak asosyason gang lan; e li te toujou sèvi reselè siveyè moun ke bandi yo kidnape.

Fòslòd yo arive paze lapat sou yon fizi 12 e 9 milimèt nan men teworis la Viv Ansanm nan. Sa ki ta prà’l bay problèm tranble janm, se dènye deklarasyon Widner ki ta menm avwe ke li se pwòp asasen ki te arive egzekite yon matant li, Juliana Val, nan mwa avwil 2025 pase a.

Share:

Leave a reply