Nan okazyon jounen mondyal sante a, fanm yo mande pou gen mizanplas ki fèt pou yo jwenn swen sante

05 – 28 – 2024
Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan okazyon jounen mondyal sante a, fanm yo jodi madi 28 me 2024 la, atravè òganizasyon “Fanm Deside” eskprime prewokipasyon yo parapò ak manman ki gen nan peyi Dayiti, kote pa gen bon jan estrikti ki tabli pou yo jwenn sante kòmsadwa.
Pwoblèm pou fanm yo jwenn sante, soti nan mank posiblite pou fè dyagnostik, rive nan move kondisyon sèvis yo ki koz malgre gen efò ki fèt bò kote medam yo, yo pa ka jwenn tretman. “Fanm Deside” envite tout sektè ak òganizasyon kap fè pwomosyon pou dwa moun, pou yo fè plis deba sou sa jiskaske otorite yo konprann nesesite pou pran bon mezi pou fanm yo kapab jwenn swen sante lè yo malad.
“Fanm Deside” se yon òganizasyon fanm ki egziste depi 22 mas 1989 nan depatman Sidès peyia; yo anonse divès mizanplas kap gen pou fèt yon fason pou fanm yo jwenn sante. Fanm yo bay lavi, fòk yo jwenn lavi!






