Lapolis nan Gran komisarya Tigwav tanmen yon operasyon check point sou waf la.

335
1
Share:
TRiboLAND

05 – 16 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Komisè prensipal Gran komisarya Tigwav la, Pierre Bellamy Samedi nan tèt yon delegasyon akonpanye plizyè polisye BIM, debake sou waf Tigwav la epi tanmen yon operasyon check point maten jedi 16 me 2024 la.

Objektif yon parèy check point, se pou veye anwo, veye anba tout move laron soti Pòtoprens pou debake sou waf Tigwav la, pou anpeche bandi, kriminèl sangwen yo fofile kò yo nan mitan popilasyon sivil la.

Pou komisè Pierre Samedi Bellamy, travay operasyon sa a, yo tanmen an, pap kanpe nan wout, daprè li. Lapolis ak lajistis nan rejyon Gransid la, ap travay nan tèt kole pou mete andewout tout bandi sansal ki mete nan tèt yo, yo pral simen latwoublay nan popilasyon Gransid la.

Li enpòtan pou nou fè remake, depi chèf gang Boutba fin enstale nan Mariyani nan mwa Novanm 2023 pase a, se sou waf Tigwav la, gran komèsan yo, ki soti sou wout gransid la, pami yo,Leyogan, gran gwav, Jacmel, Fondènèg, Aken ak okay débake machandiz yo tankou kamyon trelè gaz, kontenè machandiz, siman ak plizyè santèn moun.

Share:

1 comment

Leave a reply