Nan moman yon kontwòl anba men otorite ladwann yo, yon dap piyanp fè sou yon latriye gwo zam dezagreman nan Okap-Ayisyen

185
0
Share:
TRiboLAND

Ajan ladwann yon nan vil Kap-Ayisyen sezi, yon lo materyèl zam dezagreman ak minisyon jounen vandredi 22 desanm 2023 a.

Selon enfo TRiboLAND arive rekeyi bò kote otorite yo, genyen 9 katouch 45, 78 katouch 5.56, 2 chajè vid 5.56 ak yon kapasite 45 e 30 inite.

Lis la kontinye pouswiv avèk: 2 chajè 9 milimèt vid ak yon kapasite 25 inite, yon chajè 9 milimèt ak yon kapasite 16 inite, yon lòt chajè vid 9 milimèt ak yon kapasite 18 inite, yon kalib 45 ak 9 katouch ak yon zam kalbi 55 ACP mak HI_POINT-FIRE ARMS, MODÈL HJP.

Dap piyanp fèt egalman sou yon CROSSE + CULASSE yon zam PA-15 multi, seri SDC736439, 3 jilè blende, 4 fouwo minòt, yon kas balistik ak 2 plak.

Share:

Leave a reply