Matyè fekal ki soti nan prizon sivil Jeremi an, genyen gro konsekans sou sante abitan kap viv nan antouraj kaseral la.

275
0
Share:
TRiboLAND

12 – 23- 2023

Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Jounen vandredi 22 desanm 2023 a, nan moman abitan yo  kap bwase pou peryòd Nwèl la, ap fè fas kare ak odè matyè fekalpwizonye yo kap fè laviwonndede  prizon sivil Jeremi a.

Diferan manm popilasyon an, ki viktim akoz pwopagasyon twalèt ou doudou prizonye yo ki polye anviwoman an, lakoz granmoun kou ti moun paka reziste ak move lode. Konsa, yo fè konnen, non sèlman yo pa ka viv nan Pòtopwens; alòske lè yo retounen lakay yo, se pirèd, daprè madam Joseph, yon rezidan ki ki foustre anba pwopagasgyon move lodè a.

Abitan viktim yo, deklare se jwèt marèl otorite yo, kap mennen yon “politik matyè fekal”, pou arive pouse do rezidan yo, yon fason pou vanse ak plan sangwen ke yo genyen anba men yo a.

Delege depatmantal Grandans lan, Louissaint Cezar, Komisè gouvenman an, Andre Mary Pyram te rann sou plas, nan prizon sivil Jeremi an, pou konstate pwoblèm latrinn ki poze, e bay garanti ke yo pwal aji vit pou pote solisyon ak yon parèy pwoblèm doudou.

Share:

Leave a reply