Inivèsite Le Refuge òganize 2 jounen konsiltasyon gratis nan komin Senlwidinò.

224
0
Share:
TRiboLAND

12-17-2023

Senlwidinò, Ayiti__(TRiboLAND) Inivèsite “Le Refuge” òganize sòti ayè samdi 16 pou rive jounen dimanch 17 desanm 2023 a, 2 jounen klinik mobil gratis nan komin Senlwidinò.

Pou te rann Inityativ sila posib, malad yo ki te sòti nan divès kwen nan komin Senlwidinò ak nan divès lòt zòn anviwonant yo pou te vin boske ti moso laswenyay te resevwa sèvis konsiltasyon ak medikaman gratis ak kè kontan pandan anviwon 2 jou sa yo.

Li enpòtan pou konnen, inityativ sa a te rive posib sou backup 3 gwo medsen nan komin nan tankou: Thamcin Charles, Moïse Chérie ak Marlie Landy Joseph, kise dwayèn fakilte syans enfimyè ak responsab pwojè nan inivèsite sila.

Share:

Leave a reply