Luis Abinader reouvwi fontyè lakay li, alòske popilasyon ayisyèn nan chwazi kadnase lakay yo pi rèd

352
0
Share:
TRiboLAND

10-10-2023

Wanament, Ayiti_____(TRiboLAND) Chalè patriyotik ak dinyite e fyète anime popilasyon Wanament lan ki detènime pou fwontyè pa ouvwi apwè ke Luis Abinader deside reouvwi fontyè repiblik dominikèn nan ke li te deklare ke li fèmen jiskaske ayisyen yo pa kanpe konstwiksyon kanal la; yon defi bò kote ayisyen yo ki anbarase entimidasyon yon pwezidan panyòl ki ta sanble li pa genyen konseye.

Antouka, balon santre! Ta sanble se tou pa ayisyen yo pou yon mete lòt nan dezòd; sitou lè yo konstate kantite jwisan ak rechès repiblik dominkèn ap fè sou do yo, alòske yon konsidere yo kòm chyen san ke e menm enpoze ou dekoule pwodwi lòbèy ke yo inikman fabwike pou ayisyen.  Pèp anyisyen, remèsye Luis Abinader, pou fason li fè yo wè klè jwèt RD nan destabilize Ayiti pou fasilite richès lakay li.

Konsa, yo detèmine fòk yo genyen ti kal respè e fòk Ayiti rekonsidere relasyon komèsyàl yo avèk yon gouvènman dominiken ki vle fè tèt li pase pou Hitler Karayib la, lè li konsidere fèmen fontyè lakay li yon fason pou ayisyen te kapab mouri grangou.

Wonbè, won tisale! Avèk pwesyon gwo komèsan dominiken, ki genyen lòbèy kap gate nan men yo, Abi ap tante fè kout gidon ki trè anbarasan; ouvwi fontyè a se youn; alòske ayisyen yo pwepare pou fontyè lakay yo fèmen depreferans.

Baton ki bat chyen nwa a, se li ki bat chyen blan an! Byen pre, pa lakay!

Share:

Leave a reply