Mechanste Gangster Al Capone Dayiti rive nan bout li…Grandèt mwen yo dekonseye m al nan tribinal, m oblije reponn gangster Al Capone Dayti a…

177
0
Share:
TRiboLAND

« On peut tromper une partie du peuple tout le temps et tout le peuple une partie du temps, mais on ne peut pas tromper tout le peuple tout le temps. »

Abraham Lincoln – 1809-1865

« Tendre quelqu’un la main. Ce n’est pour son prochain ni de la pitié, ni de la bonté, ni de la simple générosité. C’est simplement le considérer chemin faisant partie de l’humanité. Un geste léger et appréciable à la portée si admirable. Un si beau geste de nos jours si rare que le monde doit, sans doute, en être avare ». Maitre Zen

Sila yo ki konnen Francisque Jean-Charles pa rele m ni plenyen pran defans mwen pou pwouve ou renmen m ou respekte m. M kwè m se moun ki pi onèt e entèg sou latè paske m pa janm atache ak byen latè e m mande Agawou pou kase kou m sèk jou m ta menm panse vòlè ou panse fè moun mal. Se tifrèm e moun ki aprann mwen pale nan mikro a e ki fèm jounalis san m pa l lekòl a Frantz Michel ki di depwi 2003: « Francisque est incompatible au mal ».

M gen 24 tran (1999-2023) depwi m tounen kite Etazini vin viv nan Pòdepè, Ayiti. M toujou pozisyone m bò kote mas yo paske se nan zantray yon machann Sara (Marie Thérèse Clersaint, Toy ou Man Francisque) ak yon okton biwo Lakomin Pòdepè (Francisque Jean-Charles) m soti. Nou tout se moun. 

Filozofi pam, depwi w soti nan matris pèp la, menm si stati sosyal chanje, ou vin gen lajan ak gwo plòm, ou rete Soryette. Pou mwen nou dwe kreye ant nou yon elit òganik pou n rete soude ak mas yo, nivle yo « vers le haut ». E se pou sa m adopte panse Ernest Hemingway a : « Il n’y a rien de noble à être supérieur à ses semblables. La vraie noblesse consiste à être supérieurs à soi-même ».

Sa m fè, m fè l nèt m pap regrèt. Nan lakou Man Francisque (Toy) gen de bagay li pat asepte : « menteur et voleur ». Se sak fè m grandi m kanpe byen lwen tou de vèmin sa yo.

M p ap fè manti pou tèt mwen, se pa pou moun. Toy Shop, boutik manman m gen 52 zan sa fè twa fwa m fèmen paske ekonomi an kriminèl, li difisil pou kanpe nan komès ak dlo e sèl. M gen twa espas komèsyal nan vil la, se eritaj Marie Thérèse Clersaint. Men yo pa pou mwen se eritaj. Se sou eritaj m dòmi, se de eritaj m viv. Pwofesyon anseyan an Ayiti pa menm ka banm manje, Francisque pa posede anyen materyèl. M renmen di menm konesans nan tèt mwen, se manman m ki peye sa.

Lavi Francisque se yon liv ouvè, m pataje l nan emisyon m yo, Desiderata e Le Novateur à l’Oral chak semenn sou radio Planet FM. Mèt Rock Clavaroche, kondisip mwen toujou di « Ti mal ou twò sensè ». Clavaroche se youn nan pami moun ki toujou voye lajan pou mwen, pretès la se pou jounal Le Novateur. Malgre jounal la pa soti sou papye ankò li kontinye voye anvlòp pou kondisip li. 

M sonje nesans pitit mwen Thérèse ki soti nan sezaryèn fèt pa doktè-jinekològ Elie Innocent e Paul Miclaude gratis e doktè-pedyat Rony Pierre deplase vin fè yon ekzamen jeneral pou ekzeyate Thérèse. Rock Clavaroche kite lakay li lanwit dèyè yon moto pote lajan pou nyès li. Jean Claude Thervil, Revnel Guillaume, Ralph Moreau, Papa Oreste Thervil, Valery Numa, Raymond Destima alias Dadaraymond, Me Ronel Gélin, Ricardin St Jean, Marie Milleret, elatriye. Se pa mwen k mande yo. Sim te vòlè moun sa yo tap frekante m. E m epouze panse Antoine St Exupéry a ki di : « Le plus beau méier d’homme c’est le métier  d’unir les hommes ».  

Me Gélin Ronel bousye de ti mesyem yo, RJ e Cappoix, nan lekòl CIM nan, ba yo lajan nan rekreyasyon chak jou, peye fè cheve yo, rele lè swa pou l konnen si yo rantre lakay yo. M divòse, li volontè jwe wòl papa a paske l konnen ki konsekans divòs gen sou ti moun. Mèsi mil fwa gran frè.

Lajan soti aletranje bò kote Arsène Noël, Anne Romilda Tassy, Ernsy Charles, Shedly Ossey, Flo Alézi, Wesly Deguerre, Raphael Jean-Charles, Harold Daniel Marie Louise Joseph, Dr Gabriel Gaspard, Diane Clersaint, Clerveau Clersaint, Antonine Kersaint. Patricia Renaud, Dr Laurent Pierre Philippe, elatriye. Ou kwèsi yo konnen Francisque se vòlè, yo t ap voye kòb yo pou mwen Gangster Al Capone Dayti. 

E lèm bezwen reyalize pwojè tankou konstwi yon webside ou byen achte katouch lank ak papye pou jounal Le Novateur, m mande sila yo ki nan diaspora a akonpaye m, Le Novateur se yon jounal gratis.

Jou m engra se pou m mouri, se pou Agawou kase kou m. M ponkò janm repwoche pèsonn nan lavi m, byenfè m plis pase m resevwa e sa zòt pataje avèm ede anpil lòt manje e peye lekòl pitit yo. Ralph Moreau kontribye nan fè pase 20 jèn fini ekòl klasik yo nan non m.

M pa janm nye depwi aprè eleksyon 2006 yo, ekonomi Man Francisque kite kòm eritaj la, bese. M te envesti anpil nan eleksyon yon kandida ki malerezman engra. An 2009, m konnen premye fayit la nan biznis la, 2016, yon dezyèm e dènye a an ete 2022. Men antrepo m sou ri du Quai a te toujou sou Contrat de Bail ant 2004 e 2019 e se lajan ameriken chak 5 kan. M pa janm gen pwoblèm lajan.

M envite Pierre Robert Auguste, prezidan Association des Entrepreneurs de l’Artibonite vin bay yon seminè sou antreprenarya pou ede jenn yo kreye antrepriz an 2009 e M Daniel Loriston te patisipe nan legliz Bethanie reveran pastè Jean Claude Thervil, papa adoptif mwen. Dènye jou, mesye Al Capone Dayiti deklare li se premye jèn k ap lanse antrepriz li nan Nòdwès aprè seminè a. 

M Loriston lanse Dal Papaterie e l fè don yon fotokopyez a jounal le Novateur. Men jounal la gratwi, kote ede m nan zafè pa bon la-a Mesye Al capote Dayti. M se pitit man Francisque, manman m fè non m deja. Byen l kite vo milyon nan sant vil la. M gen kay achte sou non pitit li yo depwi 1983 Etazini ki gen 40 tan. Gangster Al Capone Dayti ta sanble tonbe sou tèt, prese wè yon sikyat Miami anvan w demansyèl!

Si sila yo Toy ou Man Francisque ede te solidè, fanmi tankou etranje, yo menm ou pitit yo ki jounen jodia toupatou te dwe pote kole pou kenbe Toy Shop louvri pòt yo. Yon patrimwàn konsa pat janm dwe fèmen. 

M li nan lèt ou adrese papa vòlè a Mesye Al Capone Dayti, zafè m pa bon se wou k t ap ede m banm ji mistik, gastorade, elatriye pou m vann pou m ba w manman lajan an. Ou pa manke gen foli grandè Gangster Al Capone Dayti. Si m pa twonpe se te ane 2016 yo konsa. Verite a ou mande m pou itilize depo m pou vann pwodwi w yo na separe benefis la. Konbyen w te peye pou depo a ak moun ki te vann yo a Gangster Al Capone Dayti ? Pwodwi w yo pat plis pase yon de san kès Gangster Al Capone Dayiti. Ou se yon pòv bouda chire k ap kase bwa moun onèt, pran lajan yo pou wouvè kò w sou moun. Mesye Al capone Dayiti, ou sonje doktè GG, se pa vre. M gen retni. M pap janm wou. 

M kontan, depo a te fèmen kout men nan 200 kès ji mistik e gatorade ou te antrepoze nan Toy Shop, pèmèt boutik la tou relouvri. Se mwen k te ede ekoule pwodwi w yo. Ou frekan anpil Gangster Al Capone Dayti, pòv bouda chire w ye pou ede Riko Man Francisque alòske Papa Oreste e Gerard Jean-Baptiste, Papa Jean Claude Thervil la nan vil la. Gran Papa bò kote matènèl te konn di souvan « vante m pa fye m ». 

Sa w bliye di ki vrè nan tout salopri ki sanble avè w ou ekri nan lèt bèf tounen l lan Gangster Al Capone Dayiti. Yon fwa m te gen bezwen 5000 goud pou m te bay yon pèsonaj, zanmi Toy ou Man Francisque, m te vinn kote w pou sèvis la, ou te fè yo banm lajan an nan Dal Papeterie. M pa sonje sim jann remèt 5000 goud sa a. Si w di m vòlè 5000 goud, koupab. 

Men konbyen w peye m pou 18 pwomosyon Ecole de Formation et de l’Entreprenariat (EFEL) yo, Lapwent tankou Pòdepè, Gangster Al Capone Dayiti ? Konbyen w peye m pou siyati a anba tout sètifika ou livre yo nan EFEL ? Konbyen  Francisque kontribye nan konstwi Daniel Loriston, ou engra e mechan anpil ? M padone menm mechanste w la men sonje w anba Lespri imòtèl Toy ak lakou a.

Anpil moun te di m pa fè wout avè w, m panse yo te jalou yon jenn gason k ap batay pou l soti tèt li. M te menm ba w grad antreprenè sosyal, Donald Trump aytien. W ap travay, w ap fè lajan, w ap ede sosyete a, se sam te konprann e kwè. Jodia, sila yo k konseye m pridans, ou se yon ti vagabon dwat long siperyè, genyen m rezon. Sila yo k te dim evite Gangster Al Capone Dayiti, padon mil fwa, nou genyen m rezon.

Francisque fè twa Contrat de bail an 15 zan (2004-2019) ki rapòte l $90.000 US. Zafè l pa bon. Senatè Evalière beauplan bay yon job konsiltan nan sena a kote l rantre yon salè 400.000 sou 10 mwa.

An 2013, SG Lucien Francoeur fèm Kowòdonatè teren Plan Special la kote m resevwa yon salè 80.000 goud pa mwa ant 2013-2016 e Toy Shop vann diri 10 sou 10 pou leta aytien ant 2013-2014. Menm moman sa yo m konplete 26 kou nan pwogram doktora nan ISTEAH e m peye $10.000 frè skolarite.

Nan moman sa yo w ekri zafè m pa bon se wou k lonje menm ban mwen. M pèdi Gangster Al Capone Dayiti. Chache kote k grate w.  

Èske w panse k di bay tout moun « le bénéfice du doute » la tonbe ? M ap kontinye fè tout moun konfyans jis ou pwouve ou demerite konfyans lan. M ap kontinye renmen tout moun paske nou tout se frè ak sè m. Men m rantre sitasyon sa yo nan lavi apati jodia :

« Mon grand-père disait toujours : N’aie pas peur de ceux qui te détestent mais fais attention à ceux qui font semblant de t’aimer ». 

« Soit prêt à être rejeté si tu refuses d’être manipulé ».

MC Motivation : « Je n’oublierai jamais cette personne qui est venue avec sa touche lorsque j’étais perdu dans l’obscurité ».

Ivorino : « Nous quitterons tous un jour cette planète sans rien emporter, seul le bien que nous faisons va rester ».

Joël Kabamba : « Ne cesse pas d’être une bonne personne à cause de mauvais personnes ».

« Si un ami devient un ennemi, cela veut dire qu’il vous détestait depuis le premier jour ».

« Le pouvoir d’avoir un bon cœur, c’est que les gens pensent que vous êtes stupide ».

Gangster Al Capone Dayiti, Guizmo pale avè w nan panse sa-a : « Je ne suis pas gentil, je ne suis pas méchant, je suis le reflet de ce que tu dégages ». Emisyon w « pensée critique » aprann anpil bagay, sitou m pat swiv kou filozofi nan filo nan kolèj Les Normaliens Réunis sou Pacot nan Pòtoprens. Ou te yon bon anseyan.

Sak etone nan lèt tou louvri l la ou tou dezabiye w, mete m toutouni  e pwouve klè kon dlo kòk, ou fo, Gangster Al Capone Dayiti. Ki sa « pensée critique » ye pa definisyon ? Sit www.wikipedia.org defini l « La pensée critique est l’analyse des faits, des preuves, des observations et des arguments disponibles afin de former un jugement par l’application d’analyses et d’évaluations rationnelles, sceptiques et impartiales ». Tout sa w ekri yo se manti Gangster Al Capone Dayiti, m wont pou wou, pou se ak Francisque Jean-Charles ou chwazi fini tèt ou. M pa ka rayi moun ni m pa ka sispann renmen moun men ou sispann frèm, jan w te gentan anonse l.

M gen yon gwo avantaj sou pi fò moun nan peyi a, m pa rankinye ; m renmen ak respekte tout moun eksèpte sila yo ki kontribye nan kraze peyi n e menm yo menm m fache kont movè konpòtman yo afiche yo nan fè peyi a mal men m pa rayi yo ni vle wè mal rive yo ; m grandi gran nèg konsa m pa ka jalou pou zafè materyèl zòt ; ti frèm, pwofesè m nan zafè pale devan mikro radyo, k fèm yon jounalis san plòm Frantz Michel dekri Francisque ak mo sa yo depwi 2003 : « Francisque est incompatible au mal ».

Annou kòmanse depwi nan tèt, arive m anndan peyi a soti Etazini desanm 1999 kòm manm legliz Jezikri Sen Dènye Jou Yo. Ou se premye moun k te atake m an 2001. M bwè sa w te di m nan. M bay kazèn li. 

Papa w Seuldieu Loriston, yon patriyak pou mwen, yon saj m aprann anpil nan men l, nan ansèyman doktrin legliz la, nan prèch li yo nan legliz la. Seuldieu, gran frèm, se pi gwo prezidan legliz la janm konnen nan Pòdepè. M pa janm nye l se youn nan mentor m. M aprann nan men tout moun, menm si la yo k pa konn li yo. M gen anpil respè pou tonton w François, tisè w Emma. Manman w toujou di m li se fanmi Toy ou Man Francisque. M pwòch fanmi sa a anpil. E zak asasen ou fè sou mwen pap fè m pa onore yo, yo pa fèm anyen.

Moroni Elementary School, premye lekòl lanse nan legliz la se èv mwen ak manman w e m te chwazi frè w Marc-André Loriston pou direktè l. Se mwen k bay otorizasyon pou lekòl anrejistre nan Ministè Edikasyon nasyonal. Enspektris Conceptia Charles deplase vin lakay ak M Lorison direktè a pou m bay akòm kòm fondatè lekòl la chanje an Sténio Loriston. Nou janm voye yon chèk fèm kado pou byenfè sa.a. 

Jodia se menm Marc Andre Loriston sa a ki an 2022, lèm ekri kondisyon yo pa reyini pou lekòl louvri ki reponn « yon enbesil ki pa vo depatman anyen » e sou dosye Bank Pa Nou li te rele m an prive m te explike l tout bagay e m se te frè l e jodia « Francisque Jean-Charles se vòlè ki fè moun sal parèy li yo ap ranse ak frè l ». Me Job Louis gen rezon lè l ekri : « Ne faites jamais du bien si vous n’avez pas le courage de supporter l’ingratitude ». 

M sonje nan yon emisyon sou radio Planet FM, Gangster Al Capone Dayiti deklare : « Gade gwosè yon kay pou se sèl Francisque Jean-Charles k ap dòmi ladan l alòske li te ka ebèje plizyè lòt fanmi ». Se fanmi sou fanmi ki pase nan kay Man Francisque yo. Manman m Toy te di m pa vann, pa afème. Èske pou lajan m ka voye jete nanm manman m ki abite boutik li pandan 52 zan pou lajan ? 

Gangster Al Capone Dayiti, ou poze kat aksyon k fè m te kòmanse pa pran w oserye e m te menm di kèk pwòch nou ou se yon fo, ou pa onèt menm ak tèt ou e ou ava dèyè lajan, e menm masisi w ap fè pou gen lajan.

Tifrèm Raymond Destima alias Dadaraymond, lwayal pou lavi, defansè avèg gran frè l, banm lajan tout tan, se premye moun ki di m pa kole sou wou, ou se yon « fake ». Plizyè fwa lale pou l demonte w, m di l pa fè sa. Gen lòt moun ki di m tanperaman w ap trayi w Francisque, mesye sa a se yon dwat long siperyè, k ap kale kòl ak lajan moun. Francisque gen twa enfrastrikti komèsyal ki ka rapòte l $25.000 anyèlman sil afème yo, zafèl pa bon. Ou konn yon lòt moun ki abite sou de ri nan vil Pòdepè, eritaj Man Francisque gangster Al Capone Dayiti. 

1. Ou se prezidan konsèy adminsitrasyon Bank Pa Nou (BPN), w ap vann li nan emisyon matinal ou sou RG-80, biw, ou resevwa yon prè nan yon lòt kowoperatif, ou mete BPN nan poubèl e w ap fè pwomosyon kowoperatif ki prete w lajan an. Tout pyès pare pou n legalize BPN, ou te fè kwè pa gen ase lajan pou legalizasyon an or nou te afilye avèk yon lòt kowoperatif nan PAP. M konprann byen jodia poukisa ou te bloke legalizasyon BPN gangster Al Capone Dayiti. M se vòlè a.

2. Nodwès boykote vizit Claude Joseph la, ou chwazi pran etidyan EFEL yo al bay mesye a kowòm nan konferans li. Mesye Al Capone Dayti pout e ka vole vedèt moun kit e fèl rantre Pòdepè a, pat gen yon quid pro quo?  Se Francisque ki vòlè 400 mil goud lajan malere yo.

3. Dosye bato Miss Lilly k pote zam-bal Pòdepè a. M pap di plis, m konnen ou konnen.

4. Wap chache azil politik, lari a k aprann mwen sa paske ou pèsekite pa gouvènman Ariel Henry a alòske sa w konnen m konnen l tou, barik mayi a rete la. Sa w te rakonte lè m te granfrè w m pral nan simityè avè yo. Jou m trèt yon moun ki fè m konfyans ou fè manti sou moun, Agawou dwe kase kou m. Si yon moun fè Francisque mal, lakou m reponn ou, m pa responsab. Ou konprann gangster Al Capone Dayiti.

Sam note nan lèt bouyi kaye w la, gen lè ou bliye « à dessein » ou pa fè sèman sou tèt pitit fi w la fwa sa a lè w akize mwen mwenm ak madanm mwen kòm de gwo vòlè lajan Bank Pa Nou. M te remèt avoka m  Mét Schmith Corneille kopi lèt tounen w lan pou somme w gangster Al Capone Dayti sou pil manti ou fè sou mwen yo, men Mèt Fresnel Jean, mentor m, profesè m, gran frè m dekonseye menm jan ak Kouzen m Sonighter Alcimé, wa va peye mechanste w jan lesrpi imòtèl Man Francisque ak Lakou a vle l la.

Ou tèlman anonse zafè m pa bon nan lèt tou louvri w la, yon pwòch mwen vekse peye avoka pou rekipere repitasyon m m konstwi pandan 24 lane. M padone w gangster Al capone Dayiti m pa rankinye men ou pa sonje se wou k fè piblisite gratis pou de Toy Shop Plus yo e woule yo nan RG-80 gratis. Mèsi anpil pou don sa ou te fè m.

Se vre m manke likid (cash) ki sikile nan anviwonman imedya m depwi fayit ete 2022 an nan ekonomi kriminèl la. Senk moun ki fasilite m akite dèt $7.200 US a founisè a, men pa wè non w sou lis la, mesye foli gran nèg. M chwazi pa site non akonpayatè yo, men m redi yo ankò yon gwo mèsi. 

Pou rapèl gangster Al Capone Dayiti, m refize travay nan OFATMA pou 50.000 goud e nan Sena a pou 60.000 goud an 2017. Ou te ka fè sa mesye foli ede Riko Man Francisque.

M refize yon travay $2000 US fen 2022 ak tout lòt avantaj ki vini avè l nan Ministè Edikasyon Nasyonal pandan tou twa boutik mwen fèmen gangster Al Capone Dayti. M se Riko Man Francisque.

Gangster Al Capone Dayti, foli gen lajan ponkò janm danse nan tèt Francisque Jean-Charles paske manman m ki te genyen te anseye m depwi a 15 zan pou m pa atache ak byen materyèl, yo pa rantre nan simityè. M p ap chache richès materyèl. Antoine St Exupéry anseye: « Le plus beau métier d’homme c’est le métier d’unir les hommes ».

Man Francisque achte kay Miami pou pitit li abite al lekòl an 1983, sa fè 40 tan. Ou konnen yon Ayitien ki abite Etazini ki pa janm peye kay. Desten m sanble troke nan renmen moun, tout moun. 

Kounye-a, annou presi e rete kalm, sekrè w yo pap expoze sou plas piblik, salopri moun pa regade m. M panse nou tap frè tout lavi. Ou chwazi sal imaj ak repitasyon moun ki pi onèt e pi entèg nan mond lan. Francisque modès e l vil lavil lwen bagay materyèl. M pa janm gen ni fè lènmi.

Si w fanmi m, ou rele m frè, papa e w se etidyan m, ou gen soupson sou Francisque, ou pa t janm te konnen m.Kontante w ak panse Ivoirino sa a ki aproprye ak sikonstans sa a: « Ne me dis pas ce qu’ils ont dit sur moi, dis-moi ce que tu as dit pour me défendre ». 

Ki sa k Bank Pa Nou (BPN)?

Ernest Hemingway te di : « Il n’y a rien de noble d’être supérieur à ses semblables. La vraie noblesse consiste à être supérieur à soi-même ».  

BPN se yon inityativ yon gran frè k ap viv na Nò Florid ki te vle m fè yon bagay pou sila yo k pi fèb yo nan Pòdepè. Se li menm ki mandem kreye Bank Pa Nou (BPN) kote nou ap ekzije chak aksyonè 10.000 goud (M chwazi 121 paske m se yon spirituel vodoun) pou n konstwi richès solidè pou n ede pi fèb yo (ti machann) monte pi wo nan piramidekonomik lan. 

M pataje pwojè a ak kouzen « Bab » e yon lòt ti frè ki désevwa m e yo pati tou de nan chache moun nan tout kouch sosyal pou lanse pwojè a. Rapidman, tifrè a mennen Madam E pou kolekte fon yo, yon dam m rankontre premye fwa nan lavim. Gen aksyonèki pran yon lane pou yo peye 10.000 goud la. « Nou yon sèl. Nou mete sa nou genyen ansanm, pou n rich ansanm » se slogan BPN. 

67 aksyonè olye 121 nou te fikse, nou finalman lanse BPN et gangster Al Capone Dayiti te chwazi dofis pou prezide Konsèy Administrasyon BPN. Misyon Francisque akonpli, m kontan. 

Gangster Al Capone Dayiti tap fè promosyon BPN nan emisyon matinal sou RG-80 e yon bon maten, président an tonbe fè promosyon yon lòt koperatif kote l jwenn yon prè. Gangster Al Capone Dayiti te gen tan planifye pou kraze BPN e nou t ap tann nan pwochèn asanble jeneral pou n ranplase l e n te gentan gen kandida N pou sa.

Asanble jeneral vin fèt si mwa aprè an janvye 2023 e se te pou gangster Al Capone Dayiti anonse aksyonè yo san prèv lajan BPN pa nan kès,  li ou te di nan men prezidan ak visprezidan kès la. Depi kilè zaboka pèp la ou akize ou site moun nan tribinal san prèv. Nou pa bliye Al Capone Dayiti fè biwo BPN lakay li, caverne d’Ali baba. Poukisa depwi jou sa-a Al Capone Dayiti ou pat avili Francisque kòm vòlè ? Madam V pale li pa di lajan nan men l e anpeche Madam E pale pou pwoteje w pou saw konnen m konnen e anplis paske li ansent gwo vant pou yo bagay pa ta rive l nan lakou Man Francisque. Al Capone Dayti ekri se paske m pat vle Madam E avili mwen ak madanm mwen 9 mwa aprè. 

Aprè rele de asosye w yo vòlè gangster Al Capone d’Hayti w ajoute ou gen solisyon ideyal la: « Je vais rembourser toutes les 10.000 gourdes de mes propres fonds ». E gwo vòlè a Francisque ki te ankò yon gran frè reponn: « Non Daniel, BPN appartient à nous tous et toutes, s’il y a une anomalie, on devra trouver une solution idéale ensemble ». « Non mon frère, persiste-t-il, ma décision est unilatérale, je vais les rembourser et si quelqu’un tente de citer mon nom dans ce gâchis, je le tuerai ». Jiska jodia pa gen yon goud ki bay, 100 mil goud ki peye10 moun se te rès lajan BPN. Remake Francisque pont kò vòlè a. M vin briskeman vòlè-a fen mwa dawou a. M pa konn nan ki kwizin manje sa a kwit.

Kèk aksyonè chèche konkou laprès nan fen mwa dawou a. Tankou yon animal trake, gangster Al Capone Daiyti kenbe premyè vèsyon verite a akize piblikman de medam yo; e se tankou yon kout zeklè, gen yon dezyèm vèsyon lè jounal an liy « Port-de-Paix Ann Pale » mande l sa pa gen lontan kilè l ap peye lajan BPN e li reponn konsa: « Se Francisque Jean-Charles e Odné ki manipule de medam yo, moun ki yo menm mete nan BPN, pou volè lajan pote pou yo ». E finalman nan lèt oto-avilisman lan e repwoch yo pa fonde e yo imajinè, ou vomi yon twazyèm vèsyon : « Se Francisque Jean-Charles ak madan m ki a fè plizyè prè yo pa janm peye ». Gangster Al Capone d’Hayti, kilès nan twa vèsyon yo k vrè a? Tou manti pa fon e ou se zaboka pèp la.

Gangster Al Capone Dayiti, fondé de pouvoir, prezantatè emisyon « pensée critique ». Premyèman, kilès ki otorize prè yo nan BPN ? Al Capone Dayiti, pa Francisque. 

M ignore madanm nan te fè yon prè de 50.000 goud nan BPN paske se li k jere kòb nan fwaye a. Manman m Toy te di m « Gason pa jere lajan, si w fè l w ap vagabon ». Prè apwouve pa Al Capone e peye. Ou di nan lèt kaye w la ki reflete tipikman preskripsyon w mwen menm ak madanm mwen fè plizyè prè, m ap mande w gangster Al Capone Dayiti piblye pou gran piblik la resi siye pa Francisque ou madanm pou tout prè sa yo. Transparence oblige. 

E kòm ou di se asosye w Madam V ki konfime w sa. M gen dyare pou jodia. Gangster Al Capone Dayiti te orotize asosye l yo valise prè tou. Gen lè validasyon prèyo te chita sou zafè moun pa ou byen asosye w yo ak tout ou menm t ap swiye bouda Francisque ak madanm li. Pil prè pou Wa Francisque ak rèn nan san otorizasyon gangster Al Capone Dayiti. E, li rakonte yon pil salopri sou wou tou, men verite ou manti, sa pa gade m. M pa pale dèyè moun.

Men gen yon lòt konsiderasyon anndan dènye akizasyon w lan gangster Al Capone d’Hayti. Konpòtman w pwouve ou te yon move administratè pou BPN. Kòman prè sa yo nou toujou pa konnen konbyen yo ye pat resevwa otorizasyon w gangster Al Capone Dayiti ? Èske nou ka di finalman se asosye Madam V ki volontèman volè lajan livre bay Francisque e madanm li ? 

Da Uxi gen rezon lè l di : « L’ennemi se cachera dans les amis » ? Nan twa vèsyon manti w yo kilè ki vrè a gangster Al Capone Dayiti ? Ou se yon mentè depi anndan vant manman w ansyen ti frèm e  m pat atann sa de wou, nan men pèsonn. Poukisa ou tante delibereman sal imaj ak repitasyon m, mwen Francisque tankou yon gwo enbesil k ap lwanje w ou se yon Donald Trump ayisyen ?

Lènmi yo di anpil bagay sou Francisque Man Francisque depwi l tounen nanvil natal li. Li se repibliken (nasyonalis ki plase Ayiti avan tè li), yon depòte (paspò m expire an 2022), yon trafikan dwòg, li vyole pitit fil Etazini li vin mawon Ayiti, yon iresponsab ki pa pran swen pitit li fè ak youn nan ti kouzin k te lakay li (M deside fè ADN nan) e jodia li se yon vòlè. Francisque pa ka ni fè menti ni vòlè paske depwui l timoun, Man Francisque, manman l te anseye l pou l pa fè yo sinon l ap pini. M grandi promèt tèt mwen pou m pa fè ni youn ni lòt.  

M ap pataje de ka pou n finalman konprann kilès ki Francisque Jean-Charles. (1) Federal Emergency Management Agency (FEMA) kreye pa prezidan James Earl Cartel an 1979 se yon òganism gouvènman ameriken ki responsanb zafè sekou nan sitiyasyon dijans. FEMA voye yon chèk $15.000 aprè siklòn Andrew an 1992 e m retounen l paske kay mwen pat sibi okenn domaj pa ouragan an. E, m resevwa yon chèk $50.000 nan men gouvènman federal ameriken atravè avoka sou dosye bato Man Francisquea n 1995. Man Francisque mande retounen chèk la e avoka di m: « M ponkòonn yon moun ki refize lajan. Kòm manman w an Ayiti, annou pataje chèk la,  m ap pran $10.000 e wap gade rès la ». M reponn li san reflechi, manman m ap gade m la-a ; m ekri « anile » sou chèk la e retoune l bay avoka a. 

Avoka, mentor-profesèm e gran frèm Mèt Fresnel Jean m renmen e respekte dekonseye m sou pouswit jidisyè pou difamasyon sou pil fatra w ekri yo. Kousen m e zanmi w Sonighter Alcimé rakonte m tout bagay sou konvèsasyon l te gen avè w e l gen menm pozisyon ak Met Jean. Anpil lòt moun m gade m pou m pa site non yo gen menm avi sa-a. Lespri Doktè Francisque ki te sove lavi anpil moun lespri Man Francisque ki te lonje lamen bay anpil moun ak « lakou » la ba w réeplik yo estime ou merite pou krim sa a gangster Al Capone d’Hayti. M ka gen kontwòl lespri imòtèl manman m ak papa m e m pa ka pran plas  Loas Ginen yo mais mon souwè pa m se pou m wèyo depòte w an Ayiti pou m ap gade w nan je.  

Francisque ou Mèt Riko, malgre kèk detraktè, yon « minorité zwit zwit » ap toujou rete menm lèm travèse « un icône », « un monument », « un patrimoine » pou jenès peyi a. Abman Treize vle m fini ak mo sa yo : « Quand tu es une bonne personne, tu ne perds pas les gens, c’est eux qui te perdent ». 

Retire frè w m deziye direktè Moroni Elementary School m te fonde qui traite m « moun sal », m ap kontinwe renmen e onore fanmi w, sè w, manman w e sitou papa w ki aprann anpil bagay nan doktrin legliz mòmon. 

Spiritwalite a se yon cheminman pèsonèl. M anndan lekòl vodoun nan. M padone menm mechanste w la paske kè m m pa gen plas pou èn, men m ap mande pou premye fwa èske m ap ka bliye sa w tante fè a. Do m laj, kè m pa janm sote gangster Al Capone Dayiti.

 Un conseil de Tupac, « Suivez votre cœur mais prenez votre cerveau avec vous ». Francisque Jean-Charles, Pitit Man Francisque, 29 septembre 2023

Share:

Leave a reply