Doyen Tribinal sivil Pòdpè a, bay avi favorab ak jij titilè a.i tribinal depè Pòdpè a, pou òganize yon vant ozanchè.

380
0
Share:
TRiboLAND

09-27-2023

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Nan yon korespondans ki pote non tribinal depè Pòdpè a, ke jij titilè a.i Yonel Obssaint parafe pou mande ak dwayen tribinal sivil Pòdpè a, òdone yo fè vant ozanchè kap gen pou òganize nan dat k’ap vandredi 29 septanm 2023 a, finalman jwenn benediksyon favorab òdonans dwayen an, Mèt Kepler Desravines.

Nan sans sa a, jij titilè a.i a, Yonel Obssaint, founi ak dwayen tribinal Premyè Enstans Pòdpè a, plizyè rezon ki pèmèt y’ap òganize vant sila, pami yo : konstriksyon yon twalèt nan tribinal la. Kantite objè ki pral vann yo estime anviwon 6. Kidonk, 3 motosiklèt, yon pano solèy ak yon koulin.

N.B : Objè sa yo genyen plis pase 4 lane ap penpennen nan lakou tribinal depè Pòdpè a.

Share:

Leave a reply