Pastè Grégory Toussaint apiye konstriksyon kanal Rivyè Masak nèt al kole!

255
0
Share:
TRiboLAND

09-24-2023

Pastè Grégory Toussaint pat pami pwemye ekip moun ki te bay apwobasyon yo sou konstriksyon kanal sou Rivyè Masak la nan Wanament.

Antouka, jan anpil moun te bezwen tande li, li fikse pozisyon li jounnen jodia, lè li deklare: “Se yon ke nou genyen egalman, menm jan avèk Repiblik Dominikèn pou konstwi kanal nou sou Rivyè Masak la. E nou dwe kontinye konstwi.

Toussaint rabat pou li di: “Nan yon konvèsasyon ke mwen te genyen ak youn nan responsab yo ki nan konstriksyon an, mwen rasure yo kontribisyon Tabernacle de Gloire nan wout ap vini avan lontan. Mwen te menm felisite yo pou yon parèy travay ki degaje degaje yon elan solidarite ekstraòdinè nan mitan sosyete ayisyèn nan”, dapwè Pastè Grégory Toussaint ki tap depoze.

Share:

Leave a reply