Pasaj Ariel Henry nan jou ki te 11 septanb 2023 a, kreye divizyon nan mitan pwòch pouvwa a nan Jeremi.

257
0
Share:
TRiboLAND

09 – 22 – 2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Swit ak avilisman delege depatmantal a.i Grandans lan, Louissaint Cezar te fè nan laprès kont ansyen senatè Sorel Jacinthe ak madanm li, Marie Horore Laine Belle-Fleur kòm moun ki fè chimen kochi ak lajan gouvenman an, gwo revelasyon fèt bay piblik la, pou etabli verité.

Ansyen senate Sorel Jacinthe rann piblik tout dokiman ekri kote delege AI Louissaint Cezar siyen pou’l te pwan kòb pou al aroze baz militan politik, defason pou pat genyen derapaj nan moman pasaj Ariel Henry nan Jeremi 11 septanm dènye.


Ansyen palmantè pwòch kap fonksyone anba zèsèl pouvwa a, fini pou l di, li pwale jiskobou ak responsab delegasyon depatmantal Grandans lan, ke li jije ki pa serye, e li bay delege Louissaint Cezar responsab tout derapaj 11 septanb 2023 a nan Jeremi.

Nap raple, vizit PM Ariel Henry nan Jeremi 11 septanm 2023 a, te soulve anpil pwotestasyon popilè ki te manifeste ak yon lapli kout wòch sou kòtèj lidè PHTK a.


Share:

Leave a reply