Lapolis nan depatman Lwès la mete dòmi nan je 2 gwo koure ki tap opere nan zòn Onavil.

Pou pipiti 2 gwo koure tonbe anba bal lapolis, yon fizi rekipere, se bilan ajan PNH yo nan lokalite Onavil, jounen jedi 10 dawou 2023 a.
08-11-2023
Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Direksyon depatmantal polis Lwès la, anonse jounen jedi 10 dawou 2023 a, nan kad yon operasyon gason pa kanpe, yo rive mete dòmi nan je 2 gwo koure ki tap opere nan lokalite Onavil, san konte yon fizi mak AR15, yo rive rekipere.
Enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, ta fè kwè, yonn nan gwo koure ki tonbe yo, se ta ka 2è chèf gang kanaran an, ki te konn fè sal vle e sal pi pito.
Lapolis nasyonal Dayiti, atravè team galil fè konnen, yo remobilize pou mete dòmi nan je bandi yo, paske yo pa deside fè bak malgre gwo difikilte, ak frajilite ki genyen nan batay yap mennen an.






