Sendika chofè ak pwopwiyetè transpò woutye yo ranvwaye grèv la pou yon lòt dat.

Divès paran ak elèv te kriye “osekou” kont peryòd inisyasyon grèv sila ki te ka gen gwo enpak sou dewoulman egzamen bakaloreya yo.
07-30-2023
Pòtoprens, Ayiti ____(TRiboLAND) Sendika chofè ak pwopwiyetè transpò woutye yo ranvwaye 3 jounen grèv ki te prevwa sòti lendi 31 jiyè pou al bout 2 dawout a.
Nan yon nòt responsab yo mete deyò, yo anonse grèv la ranvwaye akoz rekèt divès paran ki estime ke grèv sila ta pral okazyone gwo enpak negative sou egzamen bakaloreya yo kap kòmanse nan menm lendi 31 jiyè 2023.
Poko gen oken dat ki retni bò kote responsab sendikalis yo. Sepanda, dirijan yo pwomèt yap genyen pou lanse yon data van lontan pou piblik la.
Nap raple, objektif sendika chofè ak pwopwiyetè yo, se egzije gouvènman demolisè a, desann gaz la nan menm fason li desann sou mache entènasyonal la.






