Plas piblik Alexandre Dumas nan vil Jeremi, yon espas abandone.

06-10-2023
Jeremi, Ayiti—(TRiboLAND) Plas piblik Alexandre Dumas nan vil Jeremi, konstwi sou la prezidans jeneral Paul Eugène Magloire nan lane 1946. Espas rekreyatif sa ta pral pran plizyè deseni pou li reyabilite sou administrasyon prezidans Aristide 2èm vèsyon an. Konsa, depi lè sa, pa janm genyen okenn gouvenman, ki di lameri nan vil Jeremi ki voye je bay Plas piblik Alexandre Dumas.
Nan epok plas la te konstwi pou rive nan ane 2000, mount e kapab obsève kèk konfò modèn tankou “jè dlo”, kouran elektrik, lanpadè, yon moniman kite pote non “Ti Ameli” ki te senbolize Jeremi kòm site Etzer Vilaire, yon pami vil ki te genyen plis milat nan peyi Dayiti.
Tandiske jounen jodi a nou ap viv nan plen 21èm syèk (syèk limyè ak modènizasyon), vwala ke obsèvatè yo ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND, fè konnen prezans tout yon ansanm swadizan majistra ki pa konnen enpòtans ibanizasyon ak wòl yon majistra kominal pa sispann voye jilbrèt nan figi tout yon popilasyon.
Sitwayèn ak sitwayen vil Jeremi ki santi zantray yo ap dechire, kontinye ap mande jiska ki lè enkonpetans ak “tête de lard” ap sispann kokoratize depatman Grandans lan. Jiska kilè, sa yo ki fè tèt yo pase kòm swadizan premye sitwayen ou jesyonè privilejye byen leta ap finalman bay plas piblik Alexandre Dumas nan vil Jeremi, yon atansyon espesyal.
Nap raple, initil ki fè tèt yo pase kòm otorite nan vil la, jere plas Alexandre Dumas selon nivo y oak sa yo kapab fè, nan fasilite zannimo kap pwonmenen, blackout, zèb, fatra tout kalite pran premye plas sou plas piblik Alexandre Dumas nan Jeremi. Elas! Yon estrikti rekreyatif ki te fè fyète vil Jeremi, poutan ki tòchonnen anba enkonpetans ak raketè ki pa danse kole ak pwòpte ou “savoir faire”.






