Selebrasyon Fèt Dye a, paralize fonksyonman divès enstitisyon nan vil Pòdpè, pami yo Lopital Imakile Konsepsyon

06-09-2023
Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Selebrasyon Fèt Dye a jounen jedi 8 jwen 2023 a, paralize fonksyonman divès institisyon nan Site Kapwa Lamò a, pami yo, lopital Imakile Konsepsyon, lekòl ak divès enstitisyon relijyez.
Nan sans sa a, divès pasyan ki te vin pran sèvis nan lopital la, te boude kou kong, akòz direksyon administratif lopital la ki deside fèmen pòt majorite sèvis yo pou louvri sèlman, yon selil ijans nan lopital la.
Kanta pou direksyon lekòl yo ki fè tankou yo bliye pwoblèm tibilans politik ak mèg jounen ki disponib nan kalandriye lekòl yo, pou ane 2022-2023 a, yo tout fèmen pòt yo.
Konpòtman iresponsab sa yo, pou anpil moun ki pa danse kole ak Fèt Dye a, fè konnen, selebrasyon Fèt Dye a, pap pote anyen pou popilasyon an, okontrè se plis moun lap kondwi nan chomaj ak prokrastinasyon.






