Rezo Nasyonal Anseyan Dayiti pa antann fè bak sou mo dòd grèv yo tanmen depi 7 semèn.

217
0
Share:
TRiboLAND

05-30-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Kòdonatè, fondatè rezo Nasyonal Anseyan Dayiti (RENEH’D), Henry Claude Leconte nan antrevi ak TRiboLAND média maten madi 30 me 2023 a, deklare yo pa antann fè bak nan kad batay ya’p mennen san pran souf depi 7 semèn nan peyi a, pou fè otorite yo nan sistèm edikasyon an tande vwa yo.

Kòdonatè Henry Claude Leconte

Selon kòdonatè Henry Claude Leconte, objektif grèv sila, se pou egzije ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon profesyonèl repon’n ak ansanm revandikasyon anseyan yo prezante bay ministè a depi plizyè lane, yo pa janm fè ka de yo.

Nominasyon, bidjètizasyon, payman aryere plizyè lane, kat debi, ogmantasyon 400%, pwofesè ki genyen lèt nominasyon ki pa janm touche, pwofesè ki nan pwogram (PSUGO) ki pa touche depi plizyè lane, pwofesè è ak 2è kap touche yon ti grabday pa rapò ka volim travay yap fè nan klas yo pou site sa yo sèlman… se kèk pami revandikasyon anseyan yo, daprè Fondatè RENEH’D la.

Kòdonatè rezo Nasyonal Anseyan Dayiti yo (RENEH’D), mesye Henry Claude Leconte, ankouraje anseyan nan lekòl piblik nan tout peyi Dayiti, pou rete soude antre yo, yon fason pou pa kite otorite nan edikasyon an divise yo nan kad batay ya’p mennen pou fè amelyore kondisyon travay yo.

Share:

Leave a reply