Komisarya santral Tigwav la genyen gwo difikilte teknik pou delivre sèvis piblik yo.

193
0
Share:
TRiboLAND

05-19-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Otorite lapolis nasyonal yo nan Tigwav ap fè ak gro pwoblèm transpòtasyon pou delivre sèvis li bay popilasyon an. Difikilte ki paralize bonjan fonksyonnman PNH la nan komin Tigwav, se karans materyèl woulan ki responsab yo pa menm posede ki te kapab fasilite deplasman fòs lòd yo, daprè konsa TRiboLAND nan site Soulouk la.


Nap siyale, depi operasyon mouvman “Bwa Kale” a  demare nan kapital la pou dechouke bandi sangwen e kriminèl yo kap teworize popilasyon an, lapolis pa sispan’n resevwa apèl avètisman sou aparisyon malfwa yo nan komin Tigwav.  

Plizyè siwayen fòmule konplwent pou alète ke bandi sangwen yo deja ap sikile nan diferan kwen nan komin nan. Yo kite kapital la pou vinn tabli yo nan milye peyizan yo ak gwo zam nan men yo pou kontinye egzèse zak teworis sou popilasyin an ki pa kapab fè fas ak atwosite sangwen yo; alòske mwayen lokomosyon pou ajan yo pa menm egziste.

Nap fini pou nou di, sou twa ti grenn machin lapolis la genyen, 2 nan yo anpann digdantan, menm pou yon kawoutchou oubyen yon boulon; alòske genyen yon seri krapil ou malad mantal ou dirijan gang ki fè tèt yo pase kòm dirijan peyi pandan ke yo ap kontribye nan destriksyon kò polis la yon fason pou fòs gang yo reprezante a arive triyonfe.

Share:

Leave a reply