Lewogan / Enfrastrikti: Sikilasyon sou Pon Rivyè Wouyòn bloke

214
0
Share:
TRiboLAND

 07-09-2022

Lewogan, Ayiti______(TRiboLAND) Vandredi 8 jiyè 2022 yon kamyon ki tap travèse pon Rivyè Wouyòn nan te nan gro difikilte, aprè kap wou yo te riske antre nan tou.

Pon sila ki an movèz eta depi yon bon bout tan, ap vin pi mal chak jou ki jou. Strikti a ki vrèman andomaje, bay anpil laperèz, malmakak e riske efondre e koze gro astronomik dega.

Se konsa, kamyon an arive bloke sou pon an. Jodi samdi 9 jiyè a, otorite minisipal yo nan site Anakawona a, pran dispozisyon pou pèmèt lòt machin pase sou yon lòt ansyen pon non sèlman akoz danje ak gro blokis ke kamyon kole a koze, men tou pou pèmèt depatman Lwès ak Gran Sid la kontinye ap bobo.

Moun Lewogan mande MTPTC entèvni rapib vit pou remedye ak yon parèy sitiyasyon.

Share:

Leave a reply