Ensekirite fonsyè nan komin Bonbon, akouche tout lòt fòm vyolans.

04-02-2023
Bonbon, Ayiti____ (TRiboLAND) Guilaine Laurent Fontaine, se madanm 2èm manm Komisyon Kominal Jeremi a, Thama Pierre Fontaine; dapwè sa madanm majistra a deklare nan mikro TRiboLAND, ansanm ak 2 pitit gason’l, li sibi zak asasinay anba men ansyen depite komin Bonbon an, mesye Alix Germain nan moman li te soti Jeremi pou al benyen nan plaj Bonbon an.
Viktim yo, madanm Guilaine Laurent Fontaine ak 2 pitit yo, fè konnen, nan lespri pa ansyen depite Alix Germain, sèke’l te panse li tap vinn reklame byen tankou tè, otèl ke defen gran frè li, Baptista Laurent, alyas Altema te mouri kite; kidonk, apwè lanmò a pou ansyen depite Alix Germain pwan kontwòl.
Madanm Guilaine Laurent Fontaine ale pi lwen pou denonse komisè gouvenman Jeremi an, Andre Marie Pyram ki libere ansyen depite a Alix Germain san ke li menm ak pitit li yo ki viktim pa jwenn jistis ak reparasyon.
Madanm Guilaine Laurent Fontaine, mande minis jistis lan, Émeline Prophète ak òganizasyon dwa moun yo di yon mo pou li, yon fason pou li pa chèche bay tèt li jistis.






