Biwo Departmental Edikasyon Nòdwès la ap òganize egzamen pou elèv ki nan bak pèmanan yo, nan mitan mwa fevriye a.

02-12-2023
Nòdwès, Ayiti ___(TRiboLANd) Pou fasilite elèv ki nan bak pèmanan yo boukle etid klasik yo, Biwo Depatmantal Edikasyon Nòdwès la ap òganize egzamen pou 1009 kandida ki enskri. 978 kandida S4 ak 31 kandida filo tradisyonèl, elèv sa yo ap sibi eprèv nan Komin Pòdpè ak Jan Rabèl soti 13 pou rive 16 fevriye 2023.
Bak pèmanan se pi gwo kafou ki enpeche divès elèv ki pa reyisi nan egzamen òdinè yo antre nan Inivèsite chak ane. Anpil fwa gen elèv ki toujou an pelerinaj paske yo konn sou plizyè vwayaj sou wout echèk; konsa gen elèv ki konn jwenn chans yo tou.







As soon as I discovered this site I went on reddit to share some of the love with them.