Komisyon minisipal Okap la rankontre avèk responsab EDH yo e Lapolis Nasyonal Dayiti nan kad prep kanaval la

02-12-2023
Okap, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan yon pòs Meri Okap la fè sou kont li jounen dimanch 12 fevriye 2023 a, fè konnen yo rankontre avèk responsab lapolis ak EDH, TPTC, SNGRS nan nan kad preparatif pou Kanaval la .
Daprè responsab lameri yo, rankont sa te fèt nan lide pou kapab mete tout bagay anplas pou aktivite kanavalèks la ki tap debite jodi dimanch 12 fevriye a.
Nap raple, genyen deja yon komisyon 5 manm ki sou pye pou òganize kanaval la.
Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com






