Konkou Agribio jènn antreprenè nan Vali wo 12èm seksyon kominal Tigwav, pran fen jodia.

278
0
Share:
TRiboLAND

02-09-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Centre-Banyen klotire premye edisyon “Konkou Agribio” pou antreprenè jènn Vali ki te tanmen soti mèkredi 08 pou rive jodi jedi 09 fevriye 2023 a, nan Wo Vali 12èm seksyon Dèfoug kominal Tigwav.

Sòlòkòtò  pwodwi lokal la te dewoule an prezans plizyè reprezant ak pèsonalite etatik ou prive pami yo, ansyen Majistra Delor Desgranges, kazèk 12èm No Salito Soliman, kazèk 4èm Mousanbe komin Gran-Gwav,TEEEM evalyatè yo, marenn donè yo, jènn ak paran elèv yo. Anpil foto tef è kenken, alòske komite fondasyon felisite Hotel Villa Banyen ak Fort-Royal Hotel elatriye…

Selon sosyològ Abner Septembre, aktivite Konkou Agribio ou jaden gad-manje, òganize nan respè total pou anviwonman an, byodivèsite, dlo ak sòl, yon miksaj elvaj, transfòmasyon ak enèji pou valorizasyon resous yo epi se chimen lespwa. Se yon lòt lekòl pou yon tranzisyon ekolojik ak agrikòl ki ka pote sekirite nan pòch ak nan vant, anba drapo Ayiti lasante pou yon demen miyò.


Ekolojis Abner Septembre ankouraje jenès peyizan an, pou pran solèy chanjman an, leve kanpe blayi pou yon lòt bèl Ayiti pwòp, djanm, pwospè ak souveren.

Fondatè Abner Septembre lanse apèl bay BNDA, BUT pou louvri pòt kredi yo, pou jènn gason ak jènn fanm pou yo vanse nan lanbisyon yo.

Centre Banyen, Jaden-Labo, Asosyasyon Peyizan Vali (APV), Ayiti Community Trust, ACT, remèsye tout enstitisyon ki te pòte kole e ki te rann aktivite kloti konkou a posib tankou: representan legliz Katolik Tigwav, representan Moudel ki soti (Lyèv Titwou de Nip), reprezantan (ATVACM) ki soti Toirac (Camperin), Mezon Dèjènn Kilti Vali (MJCV) ak Radyo Kominotè Klofa Pyè, espesyalman TEEEM ki pote apwi finansye li ki nan New Jersey Etazini Damerik elatriye…

JOICY Arnold

Share:

Leave a reply