Nòdwès Fòmasyon: Planète G École Polytechnique pote yon lòt fwa ankò konpetans nan vil Pòdpè

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan sousi pou bay jèn 2 bwa balanse yo jarèt ekonomik pap padap, École G Polytechnique pote yon lòt fwa ankò konpetans ak sètifikasyon nan vil Pòdpè.
Konsa, yon jounen fòmasyon nan domèn enstalasyon “kamera suveyans” ak “sistèm solè fotovòltayik” ap òganize nan Kolèj Frè Polycarpe ki lokalize nan ri Charlemagne Péralte nan vil Pòdpè, 29 janvye 2023 a.

Se yon veritab avantaj bab e moustache responsab École G Polytechnique yo vle ofri tout fanmiy ou jèn ki rete kwè repons pou konbat mizèrere lakay, pa chita lòt kote, sinon ke nan yon apròch pratik ak yon adaptasyon teknik ou manyèl de yon seri abilite ki kapab jenere yon latriye opòtinite ekonomik.
Pri yon parèy fòmasyon “high-tech”, se yon ti grabday. Enskri tèt ou nan Kolèj Frè Polycarpe ki nan ri Charlemagne Péralte nan vil Pòdpè. Oubyen, ou kapab fè sa atravè MON CASH / NATCASH. Enskripsyon an ap koute: 500 goud e patisipasyon an ap koute 2000 goud (patisipan yo ap resevwa dokiman ak sètifika apropriye).
Pou enfo, rele nan: 36 71 4717 oubyen 42 89 9528; email: planeteghaiti@gmail.com






