Afrik fè yon gro “rele pote sekou” anfavè Ayiti

Anba lobedyans ansyen Sekretè jeneral adjwen Nasyon Zini ki se egalman ansyen manm Konsèy Administrasyon Enstitu entènasyonal anfavè demokrasi ak asistans elektoral, e an konplisite avèk plizyè chèf Deta nan kontinan Afriken an, Adama Dieng kole vwa li ak yon pakèt antite tankou diplomat, gouvènman, ansyen chèf Deta, gro chabrak dignite pou pete yon gro rèl “pote sekou san pèdi tan”, nan zòrèy rès monn lan anfavè peyi Dayiti kap naje nan ensekirite ak kriz alimantè.
“Nou voye apèl detrès sa yon fason pou nou aji avèk yon nouvo ou otantik byenveyans; e menm lè ta genyen gro risk ladan’l, san tanta ou anbisyon jewopolitik endividyèl. Popilasyon ayisyèn yo andanje. Listwa pap nan dan griyen avèk sa yo ki rete 2 bwa kwaze ou ki chwazi rete bèkèkè pou pa asiste yon pèp ki an danje”, daprè Adama Dieng ki tap depoze piblikman sou yon tribin yè lendi 2 janvye 2023 a.






