2 jèn gason tonbe anba bal nan lokalite Mòn Tapyon, komin Tigwav.

12-07-2022
Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Yòyò alias “Tèt Kale” ak Dernier Bellange, se non 2 jèn gason ki tonbe anba bal nan lannwit madi 6 pou louvri mèkredi 7 desanm 2022 a. Nan lokalite Tapyon, Kafou Vali,12èm seksyon kominal Dèfoug Tigwav. Selon jij depè sipleyan, Valenbrun Jasmin ki te pwosede ak konsta legal 2 kadav yo.
Mèt Valenbrun Jasmin esplike, daprè sa yo rapòte li, 2 jèn gason sa yo ki mouri yo, se moun 2ème seksyon. Yòyò alias “Tèt Kale” te fè prizon plizyè fwa pou move zafè, aloske Dernier Bellange li menm se yon chofè taksi ki tap fè yon job.
Jij depè sipleyan Valenbrun Jasmin presize ke li te pase lòd pou mete kadav yo nan yon mòg nan vil Tigwav; pandan’l fè konnen, lap prepare dosye a pou achemine li nan pakè jiridiksyon Tigwav la pou swit legal yo.
JOICY Arnold






