Minis TPTC a, Rosemond PRADEL vizite depatman Nòdwès

197
0
Share:
TRiboLAND

01/23/2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Rosemond Pradel, minis travo piblik transpò ak kominikasyon an visite depatman nòdwès la samdi 22 janvye 2022 a.

Objektif yon parèy vizit se jis pou founi je gade sou yon seri travay kite deja kòmanse e rive wè nan ki mezi yo kapab redemare ak seri travay sa yo tankou: twonson wout Lasalin, Bwa-pikan ak Mòn Kayo, wout ki relye komin Pòdpè ak Janrabèl, twonson wout ki relye Pòdpè ak Sen Lwi Dinò pou travèse Lavo ak Nan Sitwon.Minis travo travo piblik la bay garanti gouvènman l lan ap amelyore twonson wout sila yo.

Yon lòt bò li soulinye ke genyen poze premyè pyè ak yon seri relve topografik ke yo deja anrejistre pou Chan Avyasyon Pòdpè, ki dejà koze yon parèt aksidan motosiklèt ak machin mete sou eklatman wou kawoutchou yon avyon pa twò lontan.

Pou kontinye, minis TPTC a deja anonse ke teknisyen travo piblik yo deja sou plas, pou demare ak travay amenajman wonpwen an, ak kèk touch sou Avni Twarivyè a.

Li enpòtan pou konnen se premye vizit minis travo piblik la nan depatman nòdwès la.

Genson HYPPOLITE

Share:

Leave a reply