Yon epidemi fyèv sovaj ap sakaje kannkès popilasyon Nòdwès la

01/05/2022
Pòdpè_____(TRiboLAND) Yon fyèv ki pa rete ak fyèv ap taye banda anndan peyi Dayiti, patikilyèman nan depatman Nòdwès peyi Dayiti. Evidans yo montre se pwèske nan tout bout kwen nan divès fanmiy sitwàye yo pa sispan pwan lanm anba gwo sakad yon epidemi fyèv ak krip kat pa kat
Kritik yo pa sispan espekile sou manifestasyon yon parèy fyèv ki ta sanble ke li pa depaman avèk yon seri siyn ki tèt koupe ak kowonaviris la.
Genyen yon latriye temwànyàj ki mete anfàz sou yon seri manifestasyon tankou: kò kraze, tèt fèmal, rim ak grip; alòske, anpil lòt ki dekri yon imaj : kò kraze, lestomak fè mal, pwoblèm respiratwà, disparisyon apeti, ak bouch pa gou. Pwiz anchaj yo pa sispan miltipliye nan Lopital Imakile Konsepsyon kote ke moun tout kalite nan popilasyon an pote boure an malmakak ak fyèv fwison pwèske wnit e jou san rete.
Anpil moun estime ke fyèv sila sanble ak yon marasa kowona. Konsa, laperèz avèk malkonpwann okazyone anpil moun pa vle asèpte ke viris la kap baleye depatman Nòdwès la ki pasispan pran lanm anba je yon seri otorite medikal fantòm ki twonpe pwofesyon, e ki pa bay popilasyon an regle anyen pou yo nan moman sa. Oken nòt pou lapwès pa soti bò kote otorite yo laswenyàj yo.
Pou anpil moun, konpòtman otorite sante ou santèt yo pa ka etone pèsòn moun nan Nòdwès peyi a; yo tou senpleman pran kote “lidè doktè” ki nan tèt peyi a kap gaye pay nan gagè enkonpetans ak sankoutcha!






