Jan akò Montana a te pwevwà, CNT a enstale jodia

12/12/2021
Pòtopwens_____(TRiboLAND) Tankou jan sa te pwevwà nan Akò Montana a, biwo rapouswiv akò a arive enstale jodi dimanch 12 desanm 2021 an, Konsèy Nasyonal Tranzisyon an (CNT).
Nouvo Konsèy sa ki te jwenn benediksyon ak pwezans yon latriye Gran Toryan tankou: pwezidan ti miyèt sena a, Joseph Lambert, ansyen senatè Youri Latortue ak yon latriye lòt asosye nan divès kwentay politik ak sosyete sivil.

Genyen apepwè 44 manm fèt e founi ki fòme Konsèy Nasyonal Tranzisyon an (CNT). Li pwàl genyen sou tèt li (OCT), ki se Ògan ki pou Kontwole Tranzisyon an. CNT ap genyen pou misyon pou fè chwà yon pwezidan pwovizwà ak yon pwemye minis, mete sou pye nouvo kabinè ministeryèl e lage dlo beni sou kalandriye pwochen gouvènman enterimè, jan espwi Akò Montana a pwevwà li.






