UNNOEH : Yon pa pozitiv avèk nouvo minis edikasyon nasyonal la

10/25/2021
Pòdpè__(TRiboLAND) Union Nationale des Normaliens/nes et Educateurs/trices d’Haiti (UNNOEH) konstate ke nouvo minis Edikasyon Nasyonal La, fè yon pa pozitiv kontrèman ak kòpòtman ansyen minis Pierre Josué Agenor Cadet ki tap pwatike represyon ou izolman sendikal.
Kidonk, minis Cadet te deside transfere abitrèman yon seri kamarad sendikalis tankou Georges Wilbert Franck, Magalie Georges ak Josué Merilien paske yo tap goumen pou yon pi bon edikasyon. Nou pran nòt pou yon e nou felisite minis lan pou yon parèy pa pozitif.
Sepandan, li enpòtan pou nou egalman denonse ak tout fòs nou fason Leta koupyon an ap trete travayè
Men nap denonse ak tout fòs nou fason Leta ap trete travayè sistèm nan ke yo mal mennen. Konsa, se
sèl sektè edikatif la ki pa touche ak kesyon ti kat debi a!
Nan demand sendika yo, nou te toujou mande etablisman yo yon griy salè ak yon salè debaz ki reponn ak egzijans mizèrere lavi a. Nou denonse Leta a egalman ki kite sektè non piblik la fè sa li pi pito ak kesyon edikasyon nan peyi a. Anseyan yo mal touche e yo vyole kòd travay la ki rekonèt ke chak moun ki ap travay gen dwa ak yon bonis ak anpil lòt pwoblèm ankò.
Pou rezon sa yo nou ap mande prese prese Leta pran dispozosyon sa yo:
1- pou frennen mache nwa kap fèt ak gaz la, kote yon galon gaz ap vann 1500 jiska 2000 goud anpil kote nan peyi a. Sinon UNNOEH pral nan obligasyon pou mande tout anseyan chita lakay yo paske yo pa ka jwenn gaz pou mete nan machin/moto yo, kous taksi jiska 300 goud.
2- pou fikse salè minimòm yon anseyan nan sektè non piblik la, sinon UNNOEH ap oblije mande anseyan pou kanpe apati janvye pou reklame yon pi bon tretman.
3- Si chèk mwa oktòb la vini nan ta, nap kòmanse fè mouvman apati mwa janvye pou fè tande vwa nou.
Nap raple se kalite edikasyon k ap di ki kalite peyi ou reve!
Marcdonet ANTOINE






