PM Ariel Henry voye sou ban touch Konsèy Elektoral Pwovizwà a

151
0
Share:
TRiboLAND

09/27/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Pwemye minis pa sispann mache pyon nan bat do diferan antite administrasyon piblik la yon fason pou bay jarèt ak akò apèzman an.

Konsa, nan yon arete ki soti jodi lendi 27 septanm 2021 an e ki jwen apwobasyon konsèy minis yo, chèf gouvènman Henry voye sou ban touch Konsèy Elektoral Pwovizwà ke ansyen pwezidan Jovenel Moise te bay tete ak benediksyon nan lane 2020 an.

Antouka, se pwèske tout peyi Dayiti ki pat sispanm rele chalbarik dèyè yon parèy KEP ke yo estime ki pat danse kole ak espwi Manman Lwà peyi a e ki tap maniganse pou bay gòl ak men nan pwochèn eleksyon yo. Nap raple KEP Jovenel Moise la pat janm resevwa dlo beni Kou Kasasyon peyi a.

Share:

Leave a reply