Yon kòmando manman penba asasine pwezidan defakto Jovenel Moise lakay li nan Pèleren

270
0
Share:
TRiboLAND

07/07/2021

Petion-ville_____(TRiboLAND) Prezidan defakto Jovenel Moise asasine lakay nan Pèleren, Petion-ville nan lanwit pou rive madi 6 jwiyè pou rive 7 jwiyè anba atak yon kòmando byen ame ki ta sanble genyen ajan ki pale panyòl ak anglè, dapwè yon nòt pwemye minis a.i, Doktè Claude Joseph mete deyò.

Anpil gwo zàm manman penba chante nan diferan banlye vil Petion-ville; nèg ame yo pa arive idantifye netralize tout senti sekirite ki te anplas e pran kontwòl perimèt rezidans pwive pwezidan an nan Pèleren.

Jovenel Moise mouri krible anba bal e madanm li, Martine Moise ap pran swen ke eta li nesesite alòske pitit pwezidan an ansekirite, selon entèvansyon pwemye minis lan ki tap konfime sou radyo ke yo genyen kontwòl peyi.

Plizyè fòs inite espesyalize okipe plizyè banlye nan Petion-ville alòske se timidman moun ap tante mete tèt yo deyò ak yon trafik ki konplètman paralize. Anpil nan antite ki te responsabilize sekirite pwezidan an anba minòt lapolis.

Share:

Leave a reply