Sendika anseyan, pwofesyonèl dwà, ak opozisyon an, denonse pwojè referandòm lòbèy pou yon nouvo konstitisyon Jovenel Moïse la

Sendika anseyan, pwofesyonèl dwà, ak opozisyon an, denonse pwojè referandòm lòbèy pou yon nouvo konstitisyon Jovenel Moïse la.
Pòdpè______(TRiboLAND) Nan yon rankont ak laprès jounen mèkredi 31 mas 2021 an, sendika anseyan, pwofesyonèl dwà, ak opozisyon an denonse demach Prezidan defakto a, msye Jovenel Moïse ap antrepann yon fason pou ou voye jete Manman Lwa peyi a san onè san respè.
Pou Kowòdonatè depatmantal UNNOH branch Nòdwès la, pwofesè Clavel Gélin, Jovenel Moïse enstore diktati anndan peyi a. Depi l fin voye palman an ale atravè yon ansanm dekrè tèt chat ki pa gen okenn pwovizyon legal nan men l pou l rive chanje Konstitisyon 1987 la.
Pou ansyen Batonye lòd Avoka yo nan Pòdepè, Me Fresnel Jean, li menm tou ale nan menm sans lan pou l di: depi 7 fevriye 2021, Jovenel Moïse se yon Prezidan defakto ansuit Konstitisyon peyi a nan Atik 284.3 entèdi Jovenel Moïse pou l fè tout konsiltasyon popilè.
Kanta pòtpawòl opozisyon an nan rejyon an, Me Kerly Dubréus, youn nan rezon ki koz ansyen Prezidan Jovenel Moïse mande chanje Konstitisyon an, se kantite volim krim yo wè yo fè pandan 2 manda Plonje Haiti Tou Kanpe (PHTK) a, yon fason pou yo sove po yo. Konsa, pèp ayisyen dwe kontinye leve kanpe, mobilize san rete yon fason ou fè echèk ak diktatè a, selon pwofesè Clavel Gélin, Me Fresnel Jean ak Kerly Dubréus ki t ap depoze sou TRiboLAND.
3 notab nan site Kapwà Lamò a fini pou mande pèp ayisyen an kontinye okipe beton an depi jounen jodi a pou rive 25 jen 2021 k ap vini la, puiske se dat saa Jovenel Moïse chwazi pou l fè maskarad referandòm Konstitisyon li an.
Saint Jean Wiskis






