Aktivite asfaltaj: reviman istorik pou vil Pòdpè

243

12\06\20

Se pa de gouvènman ki pase! Promès pou Nòdwès jwen yon ti lizyè wout toujou tounen ronbè ron ti sale! Politisyen ki pa wè plis ke pwent nen yo fè kanpay sou do Nòdwès ki merite rout; konsa, nad mari nad, anyen pa janm ateri! Anfen gouvènman tout kalite pase, yo plis wè Pòtoprens ak lakay yo, men toujou trete Nòdwès an paran pòv.

Gen menm rout nan Nòdwès ki la depi sou lakoloni, pèsònn moun pa janm dòmi wè bezwen depatman sa nan rèv yo; e kanpay eleksyon pa sispann rache vòt depatman Kapwa Lamò a pou granmesi. Anpil fwa, Nòdwès pa prèske figire nan bidjè nasyonal la. Konsa, ou oblije mande, eske se pa yon konspirasyon nasyonal ki kontinye ap fèt kont ras zansèt vayan potorik gason sa ki te batay pou Ayiti devni yon pèp eroik; e ki te mete kolon yo ajenou nan gro kòkenchenn batay Vètyè a? Ki sa Kapwa te fè peyi a ki si mal, pou yon sistèm toujou ap trete rejyon li te fèt la an paran pòv.

Jodi a aprè anpil mepri, anpil diskalifikasyon ak anpil medizans, prezidan Jovenel Moise ki, pou kèk moun se yon plimay tout kalite, ap fè Nòdwès konnen ki sa ki rele enfrastrikti routyè ke anpil zòn nan rès peyi a te gentan ap jwi. Pou anpil moun, petèt pa gen afè la! Pou lòt moun ki te toujou anbarase pou yo di “Nòdwès pa gen rout,” se yon veritab reviman istorik pou vil Pòdpè ki kòmanse ap benefisye ti gout asfalt nan antre vil la ki pral konplètman transfòme an yon boulva modènize gras ak sakrifis ak agresivite Chèf deta Jovenel Moise pou batay kont yon sistèm boujwa siryen salòp ki akapare 90% richès peyi a, detwi leta peyi a, kòronpi politisyen, senatè ak depite gro yenyen ki pèdi fren nan vis devan pòt kòripsyon.

Jodi a aprè anpil mepri, anpil diskalifikasyon ak anpil medizans, prezidan Jovenel Moise ki, pou kèk moun se yon plimay tout kalite, ap fè Nòdwès konnen ki sa ki rele enfrastrikti routyè ke anpil zòn nan rès peyi a te gentan ap jwi. Pou anpil moun, petèt pa gen afè la! Pou lòt moun ki te toujou anbarase pou yo di “Nòdwès pa gen rout,” se yon veritab reviman istorik pou vil Pòdpè ki kòmanse ap benefisye ti gout asfalt nan antre vil la ki pral konplètman transfòme an yon boulva modènize gras ak sakrifis ak agrsivite Jovenel Moise pou batay kont yon sistèm boujwa siryen salòp ki akapare 90% richès peyi a, detwi leta peyi a, kòronpi politisyen, senatè ak depite gro yenyen ki pèdi fren nan vis devan pòt kòripsyon.

Antouka, aprè petèt plis pase 200 lane, se yon gro reviman pou moun Pòdpè jodi samdi 5 desanm 2020 an lè yo kanpe sou 2 ran ap obsève aktivite asfaltaj teknisyen enfrastrikti woutyè yo ki tap simaye pou premye fwa goudron nan antre site Kapwa Lamò a.

Madichon kont tout azipopo politisyen raketè radotè ki fè tèt kole ak sansi pou redwi peyi a nan mizè. Yo pa janm wè Nòdwès nan rèv yo! Chapo ba pou prezidan Jovenel! Tout sa ki pa bon pou youn, li bò pou yon lòt!

Merilien Destiné, Pòdpè

Comments are closed.