Pouvwa PHTK a deside depose Nicole Yolette Altidor, minis Afè Sosyàl ak Travay atè tou dousman

01/26/21
Pòtoprens_____(TRiboLAND) Nan yon arete ki pibliye nan jounal ofisyèl repiblik la, “Le Moniteur” lendi 25 janvye 2021 an, Nicole Yolette Altidor, minis Afè Sosyàl ak Travay la jwen revokasyon li nan tèt ministè a.
Daprè yon parèy arete, minis ki rekle bagay dwa fanm yo, Marie Gislaine Mompremier jwen nominasyon li kòm minis a.i. pou Afè Sosyàl ak Travay.

Anpil plenyen ak kout san bò kote popilasyon an pat sispann kalonnen minis Afè Sosyàl ak Travay la ke anpil moun te estime se te yon minis ki tap voye flè ak initil nan yon bwàt leta ki te sanble fèmen pou yon bon bout tan.
Antouka, pou anpil moun yon parèy desizyon pou voye an disponiblite minis Altidor gen anpil pou wè avèk rekòmandasyon chèf gang G9 sangwen an, Barbecue ki pase Jovenel Moise lòd pou depoze madanm Altidor tou dousman atè.
Se papremye fwa chèf gang sangwen ou kriminèl notwa Barbecue egzije gouvènman fakto Jovenel-Jouthe egzije prezidan repiblik la chanjman jan lide yo di yo.






