Labou, fatra menas ekolojik ak anbouteyàj: moun nan site Makso nan vil Pòdpè ap pran lanm

229
0
Share:
TRiboLAND

01/26/21

Pòdpè_____(TRiboLAND) Depi anviwon 6 mwa abitan k ap viv nan zòn site Makso nan vil Pòdpè, ap monte yon peri-pesi akòz katye a ki enpwatikab pou zannimo, alewè pou kretyen vivan k’ap fè fas ak gwo pil fatra ak labou ki fin bouche espas pou kretye vivan sikile.

Pou kèk notab nan zòn nan, fenomèn saa rive akòz teknisyen TPTC yo ki fin kraze zòn Nan Kasav la; konsa, sa lakòz basen vèsen yo pa trete e yo fasilite lapli tonbe e majorite kay inonde ak tout wout yo ki vin parèt enpwatikab.

Dapwè deklarasyon divès sitwayen nan zòn sila, viv nan zòn nan se tankou yo te nan prizon. Yo nan difikilte pou yo vakye ak aktivite yo, moun paka konstui andedan site a, akòz pa gen wout, vwa pou lekòl andedan site a ta fonksyone. Anpil demach deja fèt bò kote divès otorite lokal ak nasyonal: won bè, won ti sale.

Charlestin Fatilien, kise yon lidè enpòtan nan site sila, soulinye divès demach ke’l fè pesonèlman devan la mèri Pòdpè ak lòt otorite nan sosyete sivil la, li estime ki gen zye ak zòrèy Prezidan repiblik la, Msye Jovenel Moise, se kòm kwa, lave men siye atè! Takse kòm amatè, moun ki nan tèt mèri Pòdpè a, pou li menm, se de moun ki pa konn kisa y ap regle nan tèt mèri sila.


Li lonje dwèt li, sou Prezidan Jovenel Moise, kote li mande, èske moun nan site Makso pa patisipe nan mete moun Prezidan nan peyi Dayiti? Konsyan de yon parèy fenomèn k’ap travèse abitan yo, malerezman pa janm gen yon solisyon ki pote pou yo.

Antouka, pou mèt Charlestin, s’il fwape tout pòt sa yo pèsonèlman pèsòn pa reponn, li oblije pase pa filyè asosyasyon l’ap dirije a, kise asosyasyon jèn pensè pou devlope site a (AJOCH), kote komite a ekri komisè gouvènman an, nan lide pou mande’l pote yon solisyon ak kriz k’ap travèse site a; yon kriz ki nesesite entèvansyon lòt enstans konsène yo, yon mannyè pou wè si yo va jwenn yon solisyon apwopriye ak kriz sila.

Genson HYPPOLITE

Share:

Leave a reply