Kovid-19: MSF ouvwi yon sant prizanchaj nan Drouillard

165
0
Share:
TRiboLAND

Pòtopwens___(TRiboLAND) Nan yon kominike ke li fè sòti Vandredi 15 Me 2020 an, òrganizasyon Medsen San Fontyè (MSF), nan kad pou toujou pote kole nan asiste pèp ayisyen jwenn moso sante, vle angaje l ankò yon fwa nan kad bay bourad pou batay kont pwopagasyon kovid-19 la kap fè santi l atravè peyi a.

Konsa, fas a sitiyasyon ijans sa, MSF ouvwi yon sant prizanchaj nan espas lopital Grands Brûlés nan Drouillard, Site Solèy pou moun ki enfekte ak kovit-19 la. Sant sa kapab pran 45 kabann.

Nap raple w, MSF gen plis pase 30 lane depi ke lap feraye nan domènn sante nan peyi Dayiti.

Share:

Leave a reply