Fidèl Katolik Zile Latòti yo selebre Sen Patwon yo ki se Lanativite

1,372

Fidèl Katolik Zile Latòti selebre Sen Patwon yo, La Nativité jounen jedi 08 septanm 2022 a.

09-08-2022

Latòti, Ayiti_____(TRiboLAND) Se jounen jedi 08 septanm 2022 a, fidèl katolik yo ki sou Zile Latòti, Awondisman Pòdpè, depatman Nòdwès peyi a arive selebre Sen Patwon yo, Lanativite.

Nan omeli sikonstans lan, Pè Beaugé Williams ki tap selebre fèt la, mande fidèl legliz la fè pridans paske enstabilite politik la pa epanye pèsòn.

Pou bay plis koulè ak fèt sila, pèleren sòti tout kote nan depatman Nòdwès la, anvayi zile a, vin pran plezi lanmè ak bèl plaj blanch, ki pa kanmarad sa ki lakay zòt; jwèt foutbòl, aktivite piknik ak divès lòt sòlòkòò te konsidere pi gro pwen fò anbyans fèt la.

Malgre figi peyi a pa gaya ak yon tablo dezespwa, sa pa anpeche fidèl Katolik yo sou Zile Latòti a, boujonnen ti kal espwa pou yon pi bèl fèt lane pwochèn.

Comments are closed.